Accessibility links

Breaking News

Mondyal 2010: Ajantin Elimine Meksik 3-1, Almay Imilye Angletè 4-1


Avèk viktwa 3-1 li ranpòte sou Meksik dimanch lan, Ajantin kalifye pou kar de final Mondyal 2010 la. Seleksyon azul y blanco a (ble e blan ou albiceleste a) pral tope kòn li samdi 3 jiyè ak Almay--yon lòt gran venkè dat 27 jen an--k ap rete nan listwa kote gèmanik yo elimine Angletè (yon gwo Albion nan foutbòl mondyal la) gras ak yon kal 4 1, pi imilyan pase 3 a 1 Meksiken yo pran nan men ajanten yo nan vil Johannesbourg, Afrik Di Sid.

Se katriyèm viktwa pou 4 match seleksyon Diego Maradona a ranpòte nan Koup Dimond lan. Jwè ki bay sid-ameriken yo viktwa a se dabò Carlos Tevez (outside?) ki twonpe gadyen meksiken nan 26 zyèm minit match la pou l make premye gòl la. Higuain pral anvlimen sitiasyon pi rèd pou meksiken yo lè, nan 32 minit la, defansè meksiken Osorio rate nan sifas reparasyon li kontwòl yon balon ki al tonbe nan pye ajanten an ki drible gadyen Meksik la, Oscar Perez: 2-0.

Apre repo reglemantè a, 2 ekip yo remonte teren an pou dezyèm mitan an. Nan 51èm minit la, menm Tevez la lage yon boul nan tèt kare reparasyon ekip aztèk la ke gadyen meksiken an pa rive kenbe. Konsekans: 3-0. Sa'w tande a, sò meksiken yo te deja sele paske konble yon defisi 3 gòl devan Ajantin se plis pase monte masuife ou grenpe yon kalvè. Enben, sèl sa Meksik te rete pou l fè se lave lonè li, se jwe pou eseye redui eka a. Yo te montre anpil kouraj e menm kreye kèk bèl okazyon ke yo pat toujou rive fè tounen reyalite, eksepte nan 71èm minit la lè nimewo 14 la, Javier Hernandez, te redui skò a pou mete l 3-1.

Ekip antrenè Aguirre a, genyen kèk bon jwè, men yo pa fin maton nèt nan kontwole e konsève balon an. Defans lan genyen twou vid tou--yon sitiasyon ajanten yo te rive eksplwate souvan gras ak Messi, Tavez ak Higuain (3 mousketè yo) ki montre ke lè y ap jwe ansanm se youn pou tout e tout pou youn...e malè pou Aztèk yo ou petèt, samdi pwochen, "malheur aux germaniques".

Almay, tankou nou li sa nan gran tit atik sa a, imilye Angletè ki bat-bat apre 4 gòl a 1. Karankatran apre yo te elimine "mal" an final Koup Dimond 1966 la, devan anglè yo nan stad Wembley a, Alman yo repare wont sa a. Angletè te genyen match sa a 3-2 apre abit la te refize akòde Almay yon gòl tèt-koupe ak gòl abit dimanch 27 jen an pa akòde Anglè yo. Balon Franck Lampard la (nan premye mitan an) tankou nan final 1966 la, frape nan ba transvèsal la anvan l al antre, fwa sa a, nan filè gadyen alman an.

Devenn, iwoni, vanjans ou jistis "dieux foutbòl yo"...nou pa konnen? Sèl sa ki sèten, Angletè (la Grande et perfide Albion) pat merite genyen dimanch. Alman yo te siperyè e pi bon sou teren an, e kontrèman ak final 1966 la, se pa gòl abit la refize a ki fè Anglè yo pèdi. Almay kale e merite viktwa sa a, paske li te pi bon dimanch sou teren an e ni Müller (gade yon pèfòmans !) ni Fabio Cappello (antrenè Angletè) konn sa.

Bitè alman yo se Klose (19èm minit), Podolski (32èm), Müller (66èm, 70èm)

Anglè: Upson (37èm) Lampard (38èm minit, anile ak 51èm)

XS
SM
MD
LG