Yon pòtpawòl anonse Senatè ameriken an, Robert Byrd, desede lendi 28 jen an trankilman a 3 zè di maten nan yon lopital toupre kapital federal ameriken an, Washington, DC. Defen lejislatè a pase plis tan nan Kongrè a ke tout lòt palmantè, li te reprezante Eta Virjini oksidantal nan Gran Kò Lèzetazini. Li te genyen 92 zan. Byrd te entène lopital depi semèn pase.
Nan yon premye tan, doktè yo te panse li te fè yon endispozisyon akòz chalè li te fè sou rejyon an e li te dezidrate anpil (sètadi pèdi anpil dlo nan kò li). Sepandan, kondisyon sante li pat pran tan pou l’ degrade.
Byrd te eli depite an 1952 e, 6 zan apre, li te antre nan Chanm Sena a. Depi kèk ane, senatè pat lasante, men li te kontinye mentni repitasyon li kòm yon lejislatè ki toujou aisire li ke l defann enterè Eta li te reprezante nan Chanm Wot amerikèn nan. Li te ede Virjini Oksidantal jwenn plizyè milyon dola asistans federal pandan l te nan Sena a.
Defen senatè a te yon gwo sipòtè kandida Barack Obama pandan kanpay prezidansyèl ane 2008 la. Li te deklare li wont ansyen pozisyon li te konn pran nan le pase sou kesyon rasyal yo, tankou “manm” gwoup sipremasis e rasis “Ku-Klux Klan” an, lè li te jèn gason.
Byrd te di tou li regrèt deske li te pran pozisyon kont lwa sou dwa sivik pandan ane 60 yo.