Accessibility links

Breaking News

Moise Jean Charles Denonse Arestasyon'l, Depotasyon'l Ozetazini


Moise Jean Charles Denonse Tretman li Nan Ayewopo Miami
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:57 0:00

Moise Jean Charles Denonse Tretman li Nan Ayewopo Miami

Lidè pati politik Ayisyen Pitit Dessalines nan denonse tretman li lè li debake nan ayeropò entenasyonal Miami a Lendi.

Nan yon entevyou li bay VOA Kreyòl, ansyen senatè a di vizit li a l'etranje "fini an katastwof" apre ajan Ameriken yo te poze'l plizye kestyon sou vwayaj li sot fè ann Afrik.

" Y'al ave'm. Yo mande'm si nan mwad Novanm nan mwen te avèk Maduro (Prezidan Venezyelyen an). Mwen di m'pat pale ak Maduro epi yo di sa pa enpòtan, bon sa'w t'al fè ann Afrik? Lè'm di kòman? M'al vizite Afrik! Kounyea yo di'm fòk mwen di sa'm te di ak chak moun m'te rankontre avè'l nan kontinan Afriken an. M'di m'pap pale," misye di VOA.

"Se gade'm gade, yo mete'm nan yon sal epi y'al pran lòt moun ki te avè'm yo - y'al chache yo, yo tounen avè'yo. Apre sa mwen we yo kenbe'm, epi nan aswè vè minui yo mete'm nan prizon. Se vè 8 he mwen we yo frape, e yo di'm yap mete'n nan American Airlines. Se konsa bagay la pase," Moise Jean Charles di nou.

VOA Kreyòl mande responsab Ameriken fè kòmantè sou deklrasyon sa a.

Yon pòt pawòl Customs and Border Patrol (Sevis la dwan ak Gad Frontyè Etazini) reponn:

"Pou pwoteje vi prive sitwayen, Sèvis La Dwan ak Pwoteksyon Frontyè a pakapab bay detay presi sou sak pase lè yon moun rive Ozetazini ni pwosesis imigrasyon an.

Gen règleman presi nan lwa imigrasyon Etazini ki bay 60 rezon ki ka lakoz nou pa aksepte pou yon moun antre nan peyi a. Lwa sa a gen plizyè kategori prenpal - pami yo sante, kondanasyon pou krim, rezon sekirite, chaj piblik, lwa travay, antre ilegal ak vyolasyon imigrasyon, dokimantasyon ak kèk lòt rezon ankò.

Tout moun ki vle antre Ozetazuni ka fè fas ak yon enspeksyon konplè lè li rive."

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG