Accessibility links

Breaking News

Pwogram Prezidan Jovenel Moise nan Okazyon 73èm Asanble Jeneral l'ONU an nan New York


Prezidan Jovenel Moise devan 72èm Asanble Jeneral Asanbe Jeneral l'ONU an nan New York, U.S., 21 Septanm 2017.
(Foto: REUTERS/Lucas Jackson).
Prezidan Jovenel Moise devan 72èm Asanble Jeneral Asanbe Jeneral l'ONU an nan New York, U.S., 21 Septanm 2017. (Foto: REUTERS/Lucas Jackson).

Nan okazyon 73èm Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an (AJNZ) k ap dewoule nan New York semen sa a, Chèf Deta ayisyen an, Jovenel Moise, pral genyen divès reyinyon travay ak otorite ameriken, plis responsab enstitisyon finansye entènasyonal yo.

Daprè pwogram sejou Prezidan Moise nan New York, nan sware lendi 24 septanm 2018 la, li se youn nan envite ofisyèl nan seremoni byen-veni tradisyonèl prezidan ameriken an ofri diyitè etranje wo-plase k ap patisipe nan sesyon anyèl AJNZ an nan Otèl Lotte New York Palace.

Madi 25 septanm nan, lidè ayisyen an pral gen yon seyans travay avèk John J. Sullivan, Sekretè Deta Adjwen ameriken, nan syèj Nasyon Zini an.
M. Jovenel genyen plizyè lòt rankont enpòtan sou pwogram vizit li nan New York. Pa egzanp, mèkredi 26 septanm nan, li pral fè yon chita-pale avèk Christine Lagarde, direktris jeneral Fon Monetè Entènasyonal (FMI), e avèk Luis Alberto MORENO, prezidan Bank Entè-Ameriken Devlopman (BID).

Sekretè Jeneral l'ONU an, Antonio Guterres (adwat) ki t ap bay lanmen avèk Prezidan Ayisyen an, Jovenel Moise, an 2017 nan okazyon 72èm Asanble Jeneral l'ONU an nan Manhattan, New York (Foto: REUTERS/Darren Ornitz).
Sekretè Jeneral l'ONU an, Antonio Guterres (adwat) ki t ap bay lanmen avèk Prezidan Ayisyen an, Jovenel Moise, an 2017 nan okazyon 72èm Asanble Jeneral l'ONU an nan Manhattan, New York (Foto: REUTERS/Darren Ornitz).

Se konsa tou, nan jounen jedi 27 septanm nan, li pral fè yon rankont avèk Sekretè Jeneral l’ONU an, Antoniol Guterres; epi li gen pou l patisipe nan divès fowòm tankou, pa egzanp, Fowòm Climate Week NYC; yon sesyon wo-nivo sou “Estrateji sou Envestisman Transfòmasyonèl ann Ayiti”; Fowòm Bloomberg Global Business sou tèm “Konstwi Ekonomi Solid epi Prezève Ekonomi Maren yo nan Peyi Commonwealth ki gen Kòt yo e nan Peyi d Ayiti”.

Anfen prezidan ayisyen an pral pran lapawòl devan tribin l’ONU an nan jounen jedi 27 septanm nan nan okazyon 73èm Asanble Jeneral òganizasyon mondyal la

XS
SM
MD
LG