Accessibility links

Breaking News

Opinyon Laprès Amerikèn sou Kriz Politik la ann Ayiti: Èske yon Diktati Menase Peyi a?


Manifestan ki te rasanble dèyè yon barikad pandan yo t ap pwoteste kont gouvènman Preidan Jovenel Moise la.
Manifestan ki te rasanble dèyè yon barikad pandan yo t ap pwoteste kont gouvènman Preidan Jovenel Moise la.

Jounal ameriken Washington Post pibliye yon atik sou sitiyasyon an ann Ayiti avèk tit:

Haiti’s Power Struggle Raises Fear of Dictatorship,

an kreyòl: "Lit Pou Pouvwa ann Ayiti Fè Moun Pè pou Diktati pa Pran Pye nan Peyi a." Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la vini avèk tradiksyon kèk sou 7 segman atik sa a ke Washington Post pibliye aprè li te parèt sou jounan anliyn Bloomberg.com.

<< Ayiti, peyi ki pi pòv nan tout Amerik yo, ap travèse yon peryòd kote yon lit pou pouvwa a vin ajoute sou pandemi KOVID-19 la, sou vyolans gang pwovoke ak yon ekonomi ki an degraba. Sitiyasyon tèt chaje sa a nan peyi karayib la -ki gen lontan depi l ap viv trajedi aprè trajedi e ki sitiye sou yon distans yon ti kras plis pase 700 mil ak Eta Florid- reprezante yon koz kèsote espesyal pou Lèzetazini. Sitiyasyon sa a se youn nan premye test rejyonal pou Prezidan Joe Biden e sa ka tabli yon egzanp pou fason administrasyon l nan pral apwoche relasyon Lèzetazini avek Amerik Latin nan e Karayib la.

  1. Kisa Lit pou Pouvwa a ye? Mezantant politik la debouche sou mouvman pwotestasyon toupotou nan peyi a e sou plizyè akizasyon dèske Prezidan Moise ap sèvi ak mwayen gwo ponyèt pou l kenbe pouvwa a. Konfwontasyon sa a te evolye yon fason dramatik nan kòmansman mwa fevriye a lè gouvènman an te anonse arestasyon prèske 2 douzèn moun poutèt yo ta mele nan yon tantativ koudeta.

2.- Kijan Jovenel Moise fè pou l rete sou pouvwa a?

Prezidan Moise ap dirije pa dekrè depi mwa janvye 2020 lè manda palmantè yo te rive nan bout yo san eleksyon ki te dwe dewoule yo pa t rive fèt. Opozisyon an fè konnen Jovenel Moise vyole lalwa lè li pa sispann mete pouvwa anba ponyèt li epi li vyole konstitisyon an ak desizyon li pran pou kont li pou l fè yon seri de lwa. Nan yon mesaj li te mete devan pèp ayisyen an nan dat 7 fevriye pase a, li te deklare: “Mwen pa yon diktatè.”

Pami tout desizyon li pran e ki pwovoke kritik yo, gen fondasyon yon sèvis sekrè (sèvis espyonaj) ki soumèt rapò li dirèkteman bay prezidan an. An plis de sa, li elaji definisyon mo “teworism” nan pou l enplike ladan l aksyon kote moun mete dife ak barikad nan lari –sa ki reprezante yon fason ayisyen yo pwoteste kouraman. Daprè kèk gwoup non-gouvènmantal, Prezidan Jovenel ak manm gouvènman l yo trenen pye yo lè yo gen pou fè ankèt sou koripsyon e y ap kowopere ak gang vyolan, pafwa menm pou yo kraze zo opozan yo.

3.- Kisa Jovenel Moise di?

Li fè konnen gen plizyè dizèn dane depi Ayiti se yon peyi engouvènab e li te nesesè pou l te mete palman an sou kote pou l te ka prepare chemen an pou yon referandòm sou konstitisyon an ki fikse pou 25 avril pwochen e pou nouvo eleksyon lejislatif ak prezidansyèl nan mwa septanm nan.

4. Ki chanjman li ta renmen pote nan konstitisyon an?

Jovenel Moise fè konnen konstitisyon 1987 la bay pouvwa lejislatif la twop otorite e li reprezante youn nan koz enstabilite politik ann Ayiti. (Depi yon rebelyon popilè ki te mete fen nan 15 zan rejim Jean-Claude “Baby Doc” Duvalier an 1986, 20 prezidan pase nan tèt peyi a).

Nouvo Chat Nasyonal la ta ka elimine pòs premye minis la e kreye pòs vis prezidan an. Li ta ka chanje palman an ki gen 2 chanm (Sena a ak Chanm Depite a) pou kreye yon chanm inik. Yon lòt kote, nouvo konstitisyon an ta kapab bay gwo dyaspora ayisyèn nan plis dwa sou plan politik. Yon pwen ki enpotan anpil: nouvo chat nasyonal la t ap pèmèt prezidan an fè 2 manda 5 kan konsekitif (youn apre lòt). Dapre konsitisyon aktyèl la, yon prezidan pa ka fè 2 manda suivi sou pouvwa a. Jovenel Moise deklare li pa p itilize refòm konstitisyonèl la pou l jistifye yon efo pou l ta jwenn yon lòt manda; men posiblite sa a bay opozisyon an gwo kèsote.

5. Kisa k te rete pou koudeta a reyisi ann Ayiti?

Nan dat 7 fevriye a –jou kote opozisyon an pretann manda Jovenel Moise la te pran fen- gouvenman an te anonse arestasyon 23 moun poutet yo ta swadizan mele nan yon tantatv kloudeta pou ranvese gouvenman epi asasine Prezidan an. Pami lide konplote yo te gen yon jij Kou Kasasyon an.

Dapre opozisyon an, Jovenel Moise te vle sevi ak swadizan koudeta a kom yon eskiz pou l arête tout moun enpotannki konn kritike l yo, epi li vyole konsitisyon an avek arestasyon otorite piblik ki dwe benefisye de iminite. Malgre sa, imedyatman apre arestasyon yo, opozisyon an te nonmen Jij Kou Kasasyon an, Joseph Mecene Jean-Louis kom prezidan pwovizwa.

Jiskaprezan, demach opozisyon an rete yon aksyon senbolik, paske okenn oganizasyon entenasyonal ni gouvenman etranje pa rekonet otorite M. Jean-Louis......

7. Kijan Lezetazini reyaji?

Pandan plizyè mwa, Depatman Deta ameriken an ansanm avèk Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) te ankouraje Jovenel Moise pou l òganize eleksyon lejislatif epi retabli ekilib pouvwa yo. Sepandan yo dakò tou pou kore opinyon Misye Moise ki di manda li te kòmanse an 2017, konsa pwochen prezidan an dwe prete sèman an fevriye 2022.

Administrasyon Trump la te gen bon jan relasyon avèk Prezidan Moise, youn nan ra lidè nan Karayib la ki apiye kanpay Lèzetazini ap mennen kont gouvènman venezuelyen an. Men, tanperati a kapab chanje sou administrasyon Biden nan ki deja lanse kèk siyal ki montre kòmkwa li pral mete yon gwo aksan sou lit kont koripsyon enstitisyonèl ki, daprè nouvo lidè ameriken an, responsab agravasyon povrete ak feblès demokrasi nan rejyon an.

Komite Afè Etranjè Chanm Bas Kongrè ameriken an ankouraje Depatman Deta a pou l kondane Jovenel Moise e li fè konnen lidè ayisyen an “deja pèdi tout kredibilite. >>

XS
SM
MD
LG