Accessibility links

Breaking News

Misyon Anbasade Ameriken Michele Sison Preske Rive nan Bout li


Anbasade Ameriken Michele Sison ak yon elev lekol Ayisyen. (Foto: @USEmbassyHaiti Twitter)
Anbasade Ameriken Michele Sison ak yon elev lekol Ayisyen. (Foto: @USEmbassyHaiti Twitter)

Anbasade Etazuni ann Ayiti Michele Sison ap boukle manda li nan peyi d'Ayiti mwa sa a.

Anbasade a pibliye yon mesaj sou Twitter kote li pale de ane li pase ann Ayiti.

Prezidan Joe Biden te nomen Anbasade Sison nan pos Sekrete d'Eta adjwen pou zafe oganizasyon entenasyonal yo nan mwad Avril la.

Madan Sison se yo diplomat de karye - ki se nivo pi wo nan Sevis Afe Etranje Etazuni. Li te monte nan pos li nan Potoprens an 2018. Li se youn nan diplomat moun ann Ayiti pi respekte e li pa mete dlo nan bouch li pou'l pale de gouvenans demokratik, eta de dwa epi respe pou dwa moun.

Nan yon entevyou ak sevis Kreyol la nan mwad Fevriye ane sa a, Anbasade Sison te fe konnen Etazuni gen gwo ke sote pou nempot ki zak ki minnen enstitusyon demokratik yo ann Ayiti.

Anvan li te rive Potoprens, Anbasade Sison te travay kom reprezantan adjwen Lezetazuni nan Nasyonzuni ant 2014 ak 2018.

Pami lot peyi kote li te travay kom anbasade gen Sri Lanka, Maldiv, Liban ak Emira Arab Uni. Li te chef adjwen misyon Etazuni ann Irak epi chef misyon adjwen Anbasad Ameriken nan Pakistan.

Madan Sison ranpote plizye pri pandan karye li - pami yo Pri Sevis Distenge a epi Pri Prezidansyel Ran Meritwa a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG