Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Nouvèl Misyon l ONU Ap Deplwaye nan Peyi a apre Depa MINUSTAH; Reyaksyon Senatè Youti Latortue


Seremoni Kloti Fen Misyon l ONU an, MINUSTAH ann Ayiti; Reyaksyon Senatè Youti Latortue
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:57 0:00

Misyon Nasyon Zini ann Ayiti, MINUSTAH, ap kite peyi a 15 oktòb 2017 pou pi tan; an menm tan tou, Reprezantan Sekretè l ONU an, Sandra Honoré, nan yon seremoni kloti fen misyon an, anonse miz an plas yon nouvèl misyon, MINUJUSTH, ki pral yon sipò pou lapolis nasyonal la ak sistèm jistis la ann Ayiti.

Dapre reprezantan l ONU an ann Ayiti, Sandra Honoré, apati de 16 oktob, Nasyon zini pral deplwaye 980 polizye nan 5 depatman nan peyi a nan kad yon nouvèl misyon fwa sa a pou sipòte Lajistis ann Ayiti ( MINUJUSH), an lye e plas MINUSTAH ki pap ekziste ankò apre 15 oktòb kap vini an. Madam Honore fè deklarasyon sa a jedi 5 oktòb 2017 la nan seremoni kloti aktivite misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon Ayiti a MINUSTAH.

Dènye group solda 26èm kontenjan breziliyan nan misyon stabilizasyon sila a te kite Ayiti lendi 25 septanm pase a. Depa sa a antre nan kad rezolisyon 3520 l ONU an ki te fiksè retrè pwogresif MINUSTAH nan peyi a an mitan mwa doktòb la.

Anbasadè brezilyen an ann Ayiti, Fernando Vidal, di Lavwadlamerik Brezil pral kontinye kowopere avek gouvènman ayisyen an nan kad MINUJUSTH la, (Nouvèl misyon Nasyon Zini pou Apiye e Ranfòse Sistèm Jidisyè Ayisyen an.)

Mo Remakab nan Chapit MINUSTAH a, Stabilite, Kolera ak Abi Seksyèl

Misyon lapè Nasyon Zini an, ki te pote non MINUSTAH te rive ann Ayiti nan lane 2004 apre yon soulèvman ame te fòse prezidan alepòk la Jean Bertrand Aristide kite peyi a. Youn nan kontenjan militè l ONU yo ki te soti nan peyi Nepal te pote maladi Kolera a sou teritwa zile karayib la, yon epidemi ki touye plizyè milye ayisyen. Lòt nouvèl fè konnen tou kontenjan l ONU yo enplike nan plizyè ka abi seksyèl nan peyi, yon akizasyon anbasadè brezilyen ann Ayiti te rejete nan yon etèvyou ak Lavwadlamerik.

Foto ki montre yon kontenjan chilyen sòlda MINUSTAH yo an Ayiti
Foto ki montre yon kontenjan chilyen sòlda MINUSTAH yo an Ayiti

Pi lwen toujou, yon tribinal nan New York ki te resevwa demand pou l tande doleyans militan kap defann dwa viktim Kolera yo te rejte ka a sou baz, " l ONU, òganizasyon mondyal la benefisye iminite diplomatik nan tout peyi kote lap opere." Pou anpil obsèvatè, malgre repwòch ak viktim militè etranje yo kite dèyè, Ayiti konnen yon stabilite politk pandan 13 ane fòs l ONU an pase nan peyi a.

Sepandan, Senatè Youri Latortue ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik nan mikwo Jean Pierre Leroy sou prezans fòs militè etranjè yo nan peyi a, fè konnen MINUSTAH te dwe ale depi lontan deja. Senatè Latibonit la e lafwa prezidan gran Kò a egzòte tout ayisyen travay nan enterè sekirite ak stabilite peyi a yon fason pou militè etranje pa pile sòl nasyon la ki se yon pèp endepandan.

Klike sou videyo a ki anlè tèks la pou w tande alafwa diskou Madam Sandra Honoré a sou kloti MINUSTAH a, ak deklarasyon Prezidan Sena ayisyen an, Youri Latortue ki te pale nan

XS
SM
MD
LG