Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Nasyon Zini Renouvle Manda MINUJUSTH ak Posibilite pou Mete Fen nan Misyon an ann Oktòb 2019


 Syèj Konsèy Sekirite Nasyon Zini an nan New York
Syèj Konsèy Sekirite Nasyon Zini an nan New York

Ayiti-l ONU: Konsèy Sekirite Nasyon Zini an pwolonje manda misyon li a pou apiye lajistis la ann Ayiti, MINUJUSTH, jiska 15 fevriye 2019 yon fason pou rive ede gouvènman ayisyen an ranfòse enstitisyon li yo, retabli eta de dwa, ak kontinye sipòte Polis Nasyonal la, PNH.

An menm tan tou, l ONU anvizaje retrè definitf misyon an nan dat 15 oktòb 2019. An oktòb 2017, MINUJUSTH te ranplase MINUSTAH , yon misyon militè l ONU ki te ann Ayiti depi lane 2004. Anpil moun sonje MINUSTAH e yo repwoche l akoz maladi kolera kontenjan militè nepalè li yo te pote ann Ayiti. Plizyè moun nan popillasyon an te atrape maladi a nan dwo lariyè militè nepalè yo te kontamine ak matyè fekal.

Anpil nan malad ak viris kolera la pèdi lavi yo. Jiska prezan gem demach kap fèt pou mande l ONU reparasyon pou viktim epidemi an mòtèl la militè li yo te pote ann Ayiti. Nan sèmèn pase yo, Kongrè ameriken te apwove yon fon pou ede konbat maladi kolera a an nan peyi Dayiti.

XS
SM
MD
LG