Accessibility links

Breaking News

Minis Trezò Ameriken an ap Fè yon Vire Won nan Peken


Timothy Geithner ak Wang Qishan (AP Photo/Andy Wong, Pool)
Timothy Geithner ak Wang Qishan (AP Photo/Andy Wong, Pool)

Minis trezò ameriken an, Timothy Geitner, rive nan vil Peken, nan kad yon chita-pale ki vize konvenk responsab chinwa sou nesesite pou apiye Lèzetazini nan demach Washington ap fè pou enpoze sanksyon sou endistri petwòl Iran an.

Mesye Geitner ap eseye jwenn ko-operasyon Lachinn pou lwa Lèzetazini fèk vote, e ki vize mete sanksyon kont enstitisyon finansyè k ap fè bizniss ak bank santral Iran an, ki se prensipal enstitisyon nan repiblik islamik k ap jere ekspòtasyon petwòl.

Lwa sa a ap chache mete presyon sou Teheran pou fè l mete fen nan pwogram nikleyè yo a.

XS
SM
MD
LG