Accessibility links

Breaking News

Minis Finans Fransè a ap Fè Kanpay pou Pòs Direktè FMI


Minis finan fransè a Christine Lagarde,
Minis finan fransè a Christine Lagarde,

Minis finans peyi Lafrans la, Christine Lagarde, twouve l nan peyi Brezil pou li chache apui ekonomik peyi ki sou wout devlòpman yo nan kad efò l pou li ranplase Dominque Strauss-Kahn alatèt Fon Monetè Entènasyonal.

Christine Lagarde, ki gen 55 an, deja jwenn soutyen Inyon Ewopeyèn nan. Vizit li a o Brezil se premye etap nan yon virewon ki pral mennen l nan peyi End, Lachin, ak plizyè nasyon ann Afrik.

Otorite brezilyen yo pa pwononse yo anfavè pyès kandida, sepandan li ensiste pou pwochen Direktè FMI an se yon moun yo chwazi selon merit li olye de zòn kote li soti.

Pandan somè G-8 la nan Deauville, an Frans, Prezidan Nicolas Sarkozy fè remake yon kòmantè Sekretè-Deta Hillary Clinton anfavè kandidati Madame Lagarde.

Men lidè fransè a deklare li pa vle pale nan plas Prezidan Obama, malgre li pa kwè prezidan ameriken an gen opinyon diferan ak chèf diplomasi li a sou dosye FMI an.

Sèl rival ki deklare tèt li anfas Christine Lagarde, se Gouvènè Bank Santral Meksik la, Agustin Carstens, ki pral rive o Brezil mèkredi 1er jen 2011 la, li menm, pou li chache apui jeyan sid-ameriken an.

Ansyen Direktè FMI an, Dominique Strauss-Kahn, te demisyone pi bonè nan mwa sa a, apre arestasyon n nan Nouyòk sou akizasyon abi seksyèl.

XS
SM
MD
LG