Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ak Meksk ap Negosye sou Dosye Migran Santwo-Ameriken yo


Migran ondiryen ki ale o Gwatemala avèk espwa yo va travèse tèritwa meksiken an pou yo antre o Zetazini.
Migran ondiryen ki ale o Gwatemala avèk espwa yo va travèse tèritwa meksiken an pou yo antre o Zetazini.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, menase pou l voye manm fòzame Lèzetazini an sou fwontyè amerikano-meksiken an dekwa pou fèmen li amwenske otorite meksiken yo rive anpeche plizyè milye migran santwo-ameriken antre sou teritwa amerikenan. Lidè ameriken an pale pou l di: ”An pratik, se yon gwoup moun ki sòti pou anvayi Lèzetazini.”

Gwoup imigran sa yo (kote majorite a se sitwayen peyi Onduras) te antre sou tèritwa meksiken an anpasan pa peyi Gwatemala. Dosye sa a twouve l sou ajanda diskisyon Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, ap fè nan vil Meksiko ak prezidan sòtan Meksik la, Enrique Pena Nieto, pandan jounen vandredi 19 oktòb la.

Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, ki te fèk rive nan vil Meksiko, jedi 18 oktòb 2018 la, pou li abòde dosye karavàn migran yo avèk otorite meksiken yo.
Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, ki te fèk rive nan vil Meksiko, jedi 18 oktòb 2018 la, pou li abòde dosye karavàn migran yo avèk otorite meksiken yo.

Pandan Prezidan Trump t ap fè kanpay nan Eta Montana, li fè konnen se demokrat yo ki responsab sitiyasyon sa a a ki prezante sou fwontyè Lèzetazini avèk Meksik la. Mesye Trump deklare:

"Mesye yo te byen vle karavàn nan antre isit; gen moun ki menm di se pa yon sitiyasyon ki rive devlope konsa-konsa. Non, sa pa fèt konsa. Gen anpil koze ki maknen ak dosye sa a. Karavàn nan gen ladan n yon afè 4 mil moun. Sepandan, mwen vle remèsye gouvènman Meksik la poutèt efò nou espere li pral fè pou l bloke deplasman karavàn nan anvan li rive sou teritwa meksiken."

Nouvèl yo fè konnen gouvènman meksiken an depeche plizyè santèn polisye sou fwontyè li ak Gwatemala pou bare wout la pou karavàn nan pa antre. PrezidanTrump pale pou l di gen anpil "kriminèl" pami plizyè milye migran sa yo ki pase pa Gwatemala, antre o Meksik avèk espwa yo va rive sou tèritwa ameriken an. Anfen lidè ameriken an menase pou l koupe tout èd Lèzetazini ap bay Ondiras si anyen pa rive fè migran yo rete lwen Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG