Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Pwogram Nitrisyon Pou Elèv Lekòl yo Ozetazini


Yon Nouvo Pwogram Nitrisyon Pou Elèv Lekòl yo Ozetazini
Yon Nouvo Pwogram Nitrisyon Pou Elèv Lekòl yo Ozetazini

Ozetazini, gouvènman an anonse kèk nouvo règleman ki pral pèmèt lekòl yo bay elèv yo manje ki pi bon pou sante yo nan moman pwoblèm timoun ki twò gwo ak pwoblèm grangou ap ogmante nan peyi a.

Premyè dam amerikèn nan, Michelle Obama --kap ankouraje chanjman nan reglèman ki egziste yo-- te resevwa gwo aplodisman lè li te ale nan Lekol primè ParkLawn, nan Eta Maryland, tou prè Washington, pou l lanse nouvo pwogram nan.

Madan Obama di : “Lè nou voye pitit nou lekòl, nou gen dwa atann nou aske yo pap manje kalte manje ki plen grès, plen sèl, plen sik, ke n ap eseye kenbe byen lwen yo lè yap manje lakay nou."

Nouvèl la fè konnen paran timoun sanble resevwa avèk anpil satisfaksyon nouvèl ki anonse chanjman nan règleman konsènan manje elèv ameriken yo ap manje nan lekòl yo. Se pa paran sèlman ki reyaji pozitivman; pa egzanp, Margo Wootan, yon militan k ap defann dwa pou moun manje manje ki bon pou sante yo, e k ap travay pou Sant Pou Devlope Konesans pou Defann Enterè Piblik la, di se yon bon desizyon gouvènman an pran la a.

Margo Wootan deklare: “ Se mayifik! Nouvo règleman Depatman Agrikilti mete sou pye yo, se yon pwogrè trè enpòtan pou timoun peyi nou an. Sa vle di lekòl yo pral ofri manje ki pi bon pou lasante pou yon afè de 32 milyon timoun atravè tout peyi a."

Pandan Lekòl Parklawn nan, nan Eta Maryland, te resvevwa, pandan yon ti tan, vizit premyè dam amerikèn nan, Michelle Obama, tout elèv atravè Lèzetazini pral resevwa yon gwo kado k ap dire lontan: ki se manje ki pi bon pou fizik yo e pou byenèt yo an jeneral nan kafeterya lekòl yo.

XS
SM
MD
LG