Accessibility links

Breaking News

Meri Jakmèl Entèdi Patisipasyon Gwoup Mizikal Ansyen Prezidan Michel Martelly a nan Defile Kanaval yo


Chaloska ak Lamayòt nan kanaval Jakmèl, Ayiti, 19 fevriye 2017. REUTERS/Andres Martinez Casares
Chaloska ak Lamayòt nan kanaval Jakmèl, Ayiti, 19 fevriye 2017. REUTERS/Andres Martinez Casares

Nan dat 29 Janvye 2018 la, Meri Jakmèl soti yon nòt pou Laprès kote yo fè konnen ke etan done Kanaval Jakmel la represante yon eritaj pou peyi a, e menm pou plizyè lòt kote nan le monn, pou anpil moun, yo santi yo gen obligasyon pou yo pwoteje l nan entere generasyon kap viv kounya ansanm ak sa ki gen pou vini an.

Michel "Sweet Micky" Martelly nan Petyon vil avan eleksyon prezidansyèl yo. Foto: 20 mas 2011.
Michel "Sweet Micky" Martelly nan Petyon vil avan eleksyon prezidansyèl yo. Foto: 20 mas 2011.

Dapre konsey meri a, yo oblije pran desizyon sa an kalite de moun ki gen responsablite sa sou do yo. Nòt la kontinye pou l di ke lè yo konsidere aktivite kanaval yo okipe yon gwo plas nan kilti Dayiti, e ke li ka interese ninpòt moun kèlkelanswa kategori sosyal yo, nan kèlkeswa kote yo twouve yo nan peyi a, e kèlkeswa relijyon yo san dikriminasyon, e ke lè yo konsidere epok kanaval la pa dwe tounen yon moman debòch, pou fè vyolens, vanjans, ankouraje moun fè debòch, oubyen aji san moralite, yon bagay yo raple kòd penal Ayisyen an kondane.

Apre chita pale ak moun kap òganinize kanaval la, òganizasyon medam yo, oganizasyon pwofese, asosyasyon inivesite, oganizasyon relijyeze, oganizasyon sosyo-pwofesyonel, òganizasyon dwa moun, ansanm ak asosyasyon majistra Sidès (AMASE); epi tou apre deliberasyon an, konsey municipal pran desizyon pou entèdi patisipasyon gwoup “Sweet Micky” nan kanaval Jakmel 2018 la.

Not la fe konen sa ap toujou rete nan listwa konfòmeman jan manda sa fè obligasyon ak katèl minisipal la, ansanm ak lwa legal ak règlemantasyon kap dirije òganizasyon ak fonksyonman kolektivite teritoryal yo. Nòt la fè konnen tou, Konsey minisipal sa pran desizyon sa nan bon jan entere komin Jakmel.

Not la fini pou l di, konsèy minisipal la envite ansyen prezidan peyi a Joseph Michel Martelly ak tout fanmi li pou yo vin asiste bèl kanaval vil Jakmèl 2018 la ki gen pou tem: “K-naval Chanjman: Jakmel tout moun ladan ,” Jakmel, yon vil ki patikilyeman trè zakeyan.

Yon videyo ki sou rezo sosyo yo montre, ansyen Prezidan Martelly ki tap reponn kesyon animatè radyo Guy Wewe sou evantyèl patisipasyon li nan kanaval 2018 yo, di si yo envite li nan kanaval nan kèlkeswa vil ann Ayiti poul al Jwe li prale; men si yo pa envite li, li kap jis al anvakans ak fanmi li.

XS
SM
MD
LG