Reprezantan Nasyonzini pou kesyon ki gen rapò ak dwa moun nan peyi Dayiti, Michel Frost, rankontre laprès jedi 9 septanm 2010 la.
Rankont sa a dewoule anvan mesye Frost te fè chita-tande ak Prezidan René Préval e ak minis jistis ayisyen an, Paul Denis.
Anvwaye L'ONI an lanse apèl pou l mande gouvènman ayisyen an fè nominasyon jij ki manke nan Kou Kasasyon an (pi gwo tribinal peyi a) epi pou lajistis separe prizonye ki deja kondane ak sila yo k ap tann jijman yo.
Clarens Renois te prezan nan konferans pou laprès Michel Frost la.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon repòtaj Clarens Renois.