Accessibility links

Breaking News

Siklòn Michael Ki nan Faz Kategori 1 nan Gòlf Meksik la Ap Pwoche nan Direksyon Laflorid


 Siklòn Michael
Siklòn Michael

Ouragan Michael klase kategori 1 nan Gòlf Meksik la. Li pote ak li van kap soufle a 120 kilomèt a lè e li kontinye ap pran fòs. Espesyalis tan yo prevwa ouragan sa a ka rive nan kategori 3 avan li frape lwès eta Florid mekredi 10 oktòb la.

Gouvenè eta Florid la, Rick Scott, deklare yon eta dijans pou 35 awondisman e li deja mete an eta dalèt 5 mil manb gad nasyonal Florid. Michael te lage anpil lapli nan lwès Kiba byenta lendi 8 oktòb 2018 la.

XS
SM
MD
LG