Accessibility links

Breaking News

Siklòn Michael Fè Anpil Dega nan Eta Florid - L ap Mache sou Kawolin yo


Pyebwa ki tonbe, vagon tren ki deraye ak trelè ki anba dlo aprè pasaj Siklòn Michael nan vil Panama City, Florid, mèkredi 10 oktòb 2018.
Pyebwa ki tonbe, vagon tren ki deraye ak trelè ki anba dlo aprè pasaj Siklòn Michael nan vil Panama City, Florid, mèkredi 10 oktòb 2018.

Ozetazini, gouvènè Eta Florid la, Rick Scott, pwomèt gouvènman Trump la pral pote yon gwo pwogram asistans ak soulajman bay polipasyon Eta a aprè Siklòn Michael fin sakaje Florid. Se pi gwo siklòn ki frape tèritwa ameriken an nan 50 tan. Byen bone jedi 11 oktòb la, Sant Nasyonal Siklòn nan, ki baze nan Miami, degrade move tan an pou desann li nan kategori tanpèt twopikal pandan l ap deplase nan direksyon nò pou l ale nan Eta Jòji, Kowolin di Sid, Kawolin di Nò avèk Vijini.

Youn nan vil ki plis frape yo apre Michael te touche tè mèkredi apre-midi pandan li te preske rive nan kategori 5, se vil Panama CIty kote Lavwadlamerik pale avèk yon rezidan, Renée Scott, k di kisa ki rive kay li:

“Tou dabò pati anlè kay la, galata a, te sòt tonbe. Tout bagay pase byen vit lè tèt kay la t ap tonbe a. Ansuit se fetay kay la ki te sòti anlè epi li tonbe atè. Alòs, se tout kay la ki kraze. Sepandan mwen kontan dèske nou sove lavi nou; paske m te panse mwen ta pral rete kwense anndan an san posiblite pou m sòti.”

Moun ki te kouche nan yon abri nan Lise Rutherford (Rutherford High School) anvan Siklòn Michael te touche tè nan Panama City Beach, Florid, vè 1:30pm mèkredi 10 oktòb 2018.
Moun ki te kouche nan yon abri nan Lise Rutherford (Rutherford High School) anvan Siklòn Michael te touche tè nan Panama City Beach, Florid, vè 1:30pm mèkredi 10 oktòb 2018.

Pandan prezidan Donald Trump t ap patisipe nan yon meeting de mas nan Eta Pennsilvani mèkredi swa, li fè konnen gouvènman federal la ap travay sere-sere ak lokalite kote siklòn nan fè dega ak viktim yo. Prezidan Trump deklare:

“Nap voye konpayi eletrik yo sou plas; plizyè milye teknisyen elektrik pral mache sou tras siklòn nan pandan l ap deplase. Nou pral mache pye-pou-pye dèyè li. Se yon sitiyasyon vrèman terib. Nou tout nan gouvènman an ap travay etwatman ak otorite lokal yo. Epi tou, anvan lontan m pral fè yon tounen sou plas nan Florid.”

Anvan siklòn Michael te rive sou kòt sid-ès Lèzetazini, li te pase sou pati wès Kiba e sou Amerik Santral la. Li touye omwen 13 moun nan peyi Salvadò, Ondiras avèk Nikaragwa.

XS
SM
MD
LG