Accessibility links

Breaking News

Yon Pon Tonbe nan miami, Sid-Es Etazini / Ta genyen Divès Mò ak Blese


Yon foto pon ki tonbe nan Miami an.
Yon foto pon ki tonbe nan Miami an.
Ozetazini --pi presizeman nan vil Miami, nan pati sid Eta Florid-- yon pon ki sèvi pou pyeton sèlman, tonbe jodi jedi 15 mas 2018 la. Yo te enstale pon sa a pou pèmèt etidyan Inivèsite Entènasyonal Florid la evite travèse yon otowout ki toujou chaje ak machin. Dènye nouvèl yo pale de divès mò ak blese san bay chif e imaj video montre anpil machin ki kwense kèk kote anba blòk ki te sèvi pou konstrui pon an.
Jous nan mitan apre-midi jounen jedi a, otorite yo nan Miami potko ouvè zòn nan ni pou sikilasyon pyeton anlè pon an, ni pou trafik machin anba pon an. Samdi pase a responsab vil la te enstale yon seksyon nan pon an ki peze 950 tòn
XS
SM
MD
LG