Accessibility links

Breaking News

Miami Sekouris yo Kase Gwo Mas Beton pou Retire Moun Anba Debri Pon ki Tonbe a


 6 kwa yo mete nan memwa viktim ki pèdi lavi yo lè pon pou pyeton travèse lari ki bay sou Florida International University, yon inivèsite nan Miami.
6 kwa yo mete nan memwa viktim ki pèdi lavi yo lè pon pou pyeton travèse lari ki bay sou Florida International University, yon inivèsite nan Miami.

Otorite yo nan Florid fè konnen travayè sekouris yo rive retire 2 machin ak 3 viktim ki te anba debri beton pon pou pyeton an ki tonbe jedi pase a nan mitan yon wout nasyonal kote anpil machin abitye sikile. 6 moun pèdi lavi yo ak 6 lòt blese nan ensidan trajik sila a.

Pandan yon konferans pou laprès samdi pase a, direktè polis Miami-Dade la, Juan Perez, deklare travayè sèvis dijans yo oblije retire debri ak debleye yon bon pati nan pon an ki te an konstriksyon lè li tonbe sou moun ak machin yo.

"Se pral yon pwosesis trè long," direktè polis la Mesye Perez ajoute pou l di." Nou te di sa a depi nan kòmansman akoz pwa ak lajè mas beton ki tonbe sou machin yo."

XS
SM
MD
LG