Accessibility links

Breaking News

6 Novanm 2018: Dat Eleksyon Mi-Manda yo Ozetazini - Sispenns la ap Monte


Elektè ameriken ki pare pou y al vote nan eleksyon mi-manda 6 Novanm 2018 la.
Elektè ameriken ki pare pou y al vote nan eleksyon mi-manda 6 Novanm 2018 la.

Eleksyon mi-manda yo Ozetazini antre nan liy dwat yo (sètadi nan etap final la) yon semèn avan elektè yo vote pou yo deside ki lès nan 2 pati politik yo (Pati Demokrat la ou Pati Repibliken an) ki pral kontwole 2 chanm Kongrè a. Daprè anpil analis politik, koli pyeje ki ta prale nan adrès plizyè pèsonalite nan Pati Demokrat la, ak fiziyad ki touye anpil moun nan yon sinagòg nan vil Pittsburg, Eta Pennsilvani, kapab gen gwo konsekans sou rezilta eleksyon yo ki fikse pou 6 Novanm 2018 la.

Elektè yo pare pou yo vote pou tout manm Chanm Depite a, yon tyè manm Sena a, pou gouvènè nan plizyè eta ak eli lokal yo. Prezidan Donald Trump pa sispann mennen kanpay pou kandida Pati Repibliken an. Se konsa tou, lidè ameriken an pa sispann kritike medya yo ki, daprè li, responsab pou yon klima politik k ap vin pi anvlimen chak jou. Malgre tou, Prezidan an lanse apèl pou l mande moderasyon nan diskou politik reprezantan chak kan. Misye Trump te lanse apèl sa a sa pa gen lontan pandan li t ap patisipe nan yon meeting elektoral nan Eta Montana.

Prezidan Donald Trump, ki te pran lapawòl nan yon meeting de mas ki te dewoule nan ayeropò vil Murphysboro, nan pati sid Eta Ilinwa, nan dat 28 oktòb 2018 la.
Prezidan Donald Trump, ki te pran lapawòl nan yon meeting de mas ki te dewoule nan ayeropò vil Murphysboro, nan pati sid Eta Ilinwa, nan dat 28 oktòb 2018 la.

"Pati Demokrat la vin twò ekstrèm pou nou ta lage pouvwa a nan men l. Politik radikal Demokrat yo ap pratike reprezante yon danje pou fanmi nou yo ak peyi nou an."

Avan Cesar Sayoc te voye koli pyeje bay manm ak patizan Pati Demokrat la, prezidan Trump te fikse atansyon li sou dosye plizyè milye imigran k ap sòti nan Amerik Santral e ki pran direksyon Meksik kòm yon peyi tranzit pou yo antre Ozetazini.

Demokrat yo lanse yon kanpay san pran souf kote yo mande elektè yo sòti al vote nan moman kanpay elektoral la rive sou dènye jou li (sitou pou yo pwofite de posilblite yo genyen pou yo vote anvan jou eleksyon an). Ansyen Prezidan Demokrat, Barack Obama, se chèf de fil efò sa a.

Ansyen Prezidan Barack Obama pandan yon konferans pou laprès nan Salon-Es La Mezon Blanch la, nan Washington, nan dat 5 novanm 2014 la.
Ansyen Prezidan Barack Obama pandan yon konferans pou laprès nan Salon-Es La Mezon Blanch la, nan Washington, nan dat 5 novanm 2014 la.

"Sa ki anje nan eleksyon an se yon gwo bagay. Ap gen konsekans si moun pa soti al vote. Nou dwe fè tout sa n kapab pou n mande zanmi nou, vwazen nou ak fanmi nou sòti al vote; paske, konsekans chita lakay la kapab kreye yon gwo danje pou peyi nou an, pou demokrasi nou an."

2 Pati politik yo (Demokrat ak Repibliken) konsantre efò yo sou elektè yo nan dènye jounen kanpay eleksyon mi-manda sa yo, daprè analis David Barker:

"Sa 2 pati politik yo bezwen, se pou patizan yo sòti al vote nan jou eleksyon an. Tradisyonèlman aksyon sòti al vote a pi enpòtan pou Demokrat yo ke pou Repibliken yo, paske elektè repibliken yo gen plis tandans al vote kèlkeswa sikonstans la."

Malgre sa, daprè estratèj demokrat Jim Kessler, Demokrat yo gen konfyans se yo ki pral ranpòte laviktwa nan fen jounen 6 Novanm nan.

"Gen yon lanmè koulè ble (koulè pati demokrat la) k ap mache sou nou la a. Kesyon pou n poze a, se mande ki gwosè lanmè sa a ou ki kantite moun ki fòme li. Antou ka, mwen kwè Demokrat yo pral repran kontwòl Chanm Depite a; men m pa panse yo pral reprann kontwòl Sena a; an tou ka pa kounye a."

Youn nan kesyon ki rete poze yo se konnen ki enfliyans pwoblèm sekirite ki fèk prezante la a ak dènye vag imigran ki vle antre nan peyi a, pral genyen sou dènye jou kanpay elektoral la. Daprè listwa, mwa d oktòb la toujou pote yon sipriz klasik (se sa yo rele anglè “the october surprise") ki kapab detèmine ki lès nan 2 pati politik yo, Demokrat ou Repibliken, ki pral kontwole Kongrè a pandan 2 lane kap vini la yo.

XS
SM
MD
LG