Accessibility links

Breaking News

La Mezon Blanch Bay Siyal ki Montre Li Dispoze Kontinye Negosye sou yon Plan Èd pou Chomè yo ak yon Pwojè Relans Ekonomik

Minis Trezò a, Steven Mnuchin (nan mitan) ki t ap kite Kongrè a aprè yon rankont ak Prezidant Chanm Depite a, Nancy Pelosi, e lidè minorite e nan Sena a, Chuck Schumer, vandredi 7 out 2020 an, jou negosyasyon yo te echwe a..

Nan Washington La Mezon Blanch bay, nan jounen lendi 10 out la, siyn ki montre li toujou dispoze fè plis negosyasyon ak opozisyon demokrat la sou yon plan asistans pou konbat move konsekans pandemi kowonavirisla sou sitwayen yo ak ekonomi la; pipresizeman li dispoze depanse plis lajan pou l kapab rive jwenn yon antant sou kesyon an. Youn nan pèsonalite k ap negosye pou administrasyon Trump la, Minis Trezò a, Steven Mnuchin, ki pale sou chèn televizyon CNBC, deklare:

“Nou pare pou n mete plis kòb sou tab la. Prezidan an dispoze fè depans nou genyen pou n fè yo.”

Samdi 8 jiyè pase a Prezidan Trump te siyen kèk dekrè ki pwolonje yon pati nan yon premye plan depans ki te ekspire e ki te ofrii benefis pou plizyè milyon anplwaye ameriken ki nan chomaj; an mennm tan tou plan sa a te sispann pèman taks pou anpil ameriken ki pèdi travay yo. Nan yon nòt Prezidan an pibliye sou kont Twitter li, li di pa gen plas ankò pou plis negosyasaoyn; li lage sou do lidè minorite a nan Sena a, Chuck Schumer, ak Prezidant Chanm Bas la, Nancy Pelosi, responsablite echèk negosyasyon yo ki te bwe luil vandredi pase a.

Madam Pelosi, Prezidant Chanm Depite a (adwat) ak lidè minorite a nan Sena a, Chuck Schumer, nan yon konferans pou laprès vandredi 7 out la aprè echèk negosyasyon yo..
Madam Pelosi, Prezidant Chanm Depite a (adwat) ak lidè minorite a nan Sena a, Chuck Schumer, nan yon konferans pou laprès vandredi 7 out la aprè echèk negosyasyon yo..

Nan moman chita-tande yo t ap kraze semèn pase a, Misye Schumer ak Madanm Pelosi te delare Demokrat yo dispoze wete yon trilyon dola sou 3 trilyon 400 milya yo te pwopoze okòmansman kòm sòm ki pou antre nan nouvo plan asistans la – menmsi se yon lajan depite yo te deja vote nan Chanm Bas la depi nan mitan mwa me pase a. 2 pi gwo palmantè demokrat sa yo fòè konnen La Mezon Blanch dwe double kantite kòb li pwopoze a pou l fè l rive omwen 2 trilyon dola; men administrasyon Trump la refize.

XS
SM
MD
LG