Accessibility links

Breaking News

Lamezon Blanch Refize Bay Detay sou Swadizan 2èm Rankont Prezidan Ameriken an te Genyen ak Tokay Ris li a


Pòt pawòl Lamezon Blanch Sarah Huckabee Sanders ki tap pale ak laprès nan Mezon Blanch nan Washington, 27 jen 2017.
Pòt pawòl Lamezon Blanch Sarah Huckabee Sanders ki tap pale ak laprès nan Mezon Blanch nan Washington, 27 jen 2017.

Lamezon Blanch poko vle bay detay sou yon dine kote Prezidan Trump te pale ak Prezidan Larisi a Vladimir Putin pandan dewouleman Somè G-20 nan peyi Almay.

Pòtpawòl Mezon Blanch Sarah Huckabee Sanders fè konnen "Se te yon dine sosyal", Madam Sanders reponn lè li tap pale ak repòtè mèkredi 19 jiyè 2017 la.

Pòt pawòl Mezon Blanch la fè konnen lè l t ap gade repòtaj ki te fèt nan lavèy sou rankont ant Prezidan Trump ak Putin, lè laprès Ozetazini te premye aprann nouvèl la, li te wè sete "yon fason ridikil" pou dekri konvèsasyon prive ant 2 lidè yo, pandan moun te ka wè plis pase 2 douzèn lòt lidè nasyonal ak entèprèt ki te chita toupre a nan yon gran dine ofisyèl.

XS
SM
MD
LG