Accessibility links

Breaking News

Meksik: Bilan Moun ki Mouri nan Tranblemandtè a Ap Ogmante Chak Jou Piplis


Moun ki nan liy pou resevwa manje apre tranblemandtè nan Mieksik la.
Moun ki nan liy pou resevwa manje apre tranblemandtè nan Mieksik la.

Otorite nan peyi Meksik fè konnen bilan moun ki peri nan tranbleman detè 8 virgul 2 sou echèl Richtè-a, enben bilan-an monte rive nan 90 viktim, e pifò moun sa yo mouri nan eta O-ha-ka. Tranblembnadtè sa a te frape zòn kotyè ki bay sou fasad sud oseyan pasifik-la, yon titan apre minui jedi pase, e sa te rive sou yon distans 100 kilomèt ak vil Tonala.

Nan jounen yè dimanch-la, anpil rezidan te pran lari pou yo akoz laperèz pou yo ta subi sekouss segondè. Dapre responsab nan eta Ohaka ak eta Chiapas, gen plizyè milye kay ak plizyè santèn lekòl ki detwi, e genyen plizyè santèn moun ki pa genyen sèvis dlo pou yo bwè. Ann Tande deklarasyon Tania Lopez ki se rezidan rejyon Jutchi-tan nan Meksik :

Tania Lopez di: "Se yon bagay kap dire yon moman, ki sak pral pase apre semèn sa-a? Se lè sa-a , nou pral konnen sa nou bezwen, nou pral komanse santi rartè yo, paske èd sa-a, se yon asistans pou moman-an. Ki sak pral pase apre sa ? "

Trablemandtè a te deklanche yon tsunami ki te mezure wotè yon mèt, dapre sant pasifik pou Tsunami, men Tsunami-a pa fè okenn viktim.

XS
SM
MD
LG