Accessibility links

Breaking News

Met Gala, Pi Gwo Nuit Domèn Mòd la Reprann Splandè li nan Nouyòk


Foto Achiv: Rihanna asiste gala benefis Enstiti Kostim Mize Metwopoliten d'Ar la nan Nouyok, 7 Me, 2018.

Alo premye Lendi mwad Me a. Jodia se pi gwo sware ane a nan domèn mòd la - an palan de Met Gala a - yon evenman djak sou djak kap reprann splandè li ane sa a apre gwo chanjman pandemi a te koze.

E moun ki swiv domèn mòd la de pre paka tann. Sa fè 8 mwa depi dènye gala a, yon dine charite ki dewoule chak ane e ki kotize plizyè dizèn milyon dola pou Enstiti Kostim Mize Metwopoliten Atistik Nouyòk la.

Anvan pandemi a, apepre 600 vedèt domèn mòd, spò, mizik. sinema, televizyon ak teknoloji te resevwa envitasyon.

Ane sa a gen 400 moun ki resevwa envitasyon. Ane pase a yo te kotize plis pase $16.4 milyon pou enstiti a.

Evenman djak sou djak sa a se prensipal sous finansman enstiti a.

XS
SM
MD
LG