Accessibility links

Breaking News

Mesaj Prezidan Obama sou Libi


Prezidan Ameriken an Barack Obama
Prezidan Ameriken an Barack Obama

Prezidan Barack Obama fè konnen Lèzetazini pote-kole ak yon kanpay militè peyi oksidantal yo lanse kont lidè libyen an, Mohammar Kadhafi, yon fason pou sispann sa Misye Obama rele “yon masak” epi mete fen nan “represyon brital rejim Kadhafi a kont pèp libyen an” pou n site lidè ameriken an toujou.

Nan yon mesaj ki pase sou televizyon atravè tout peyi Etazini, Prezidan Obama deklare se yon kanpay militè ki jwenn otorizasyon Òganizasyon Nasyonzini e ki deja rive bloke pwogrè motèl twoup k ap defann gouvènman Kadhafi a.

Daprè prezidan ameriken an, si Lèzetazini pat pran responsablite l kòm yon lidè mondyal e –sa k pi enpòtan toujou – si l pat pran responsablite l vizavi kretyen vivan ki te anba gwo menas Kadafhi te lanse pou l detrui popilasyon plizyè vil —eben, Lèzetazini tap trayi pwòp tèt li ak sa li reprezante.

XS
SM
MD
LG