Accessibility links

Breaking News

Mesaj Prezidan Obama Sou Irak, Pakistan ak Afganistan


Nan moman peyi Irak ap fè fas ak yon avni ki pa sèten sou plan politik la 5 mwa apre yon eleksyon palmantè, mete sou atak ak bonm k ap fèt ni nan kapital la, Bagdad, ni nan kèk vil pwovens, prezidan ameriken an, Barack Obama, ak lòt manm nan administrasyon n nan vle atire atansyon sou le fèt ke dat la ap pwoche pou yo mete fen ofisyèlman nan misyon konba lame amerikèn nan nan Irak.

Prezidan an te abòde dosye enpò̈tan sa a nan politik entènasyonal li nan yon diskou li fè lendi 2 out 2010 la nan vil Atlanta, eta Jòji, devan yon gwoup veteran lagè

Mesye Obama di : "Yon ti tan apre m te prete sèman kom prezidan, mwen te anonse nouvo estrateji nou an pou Irak e pou yon tranzisyon ki gen pou remèt responsabilte a totalman nan men Irakyen yo. E m te pale klè pou m di, nan dat 31 out 2010 pou pi ta, misyon konba Lèzetazini nan Irak tap pran fen. E se egzatteman sa n ap fè jan n te pwomèt li a, jan n te pwograme l la."

Pou sa k konsène Pakistan ak Afganistan, Prezidan Obama fè konnen Lèzetazini genyen yon fèm volonte pou l mennen yon konba k ap debouche sou defèt al-Kaida ak fòs ekstremis li yo.

Mesye Obama di: "Nan rejyon sila a e pi lwen ke sa, nou pap tolere okenn refij ki bay al-Kaida ak alye ekstremis li yo sekirite; nou pral gate pwogram al-Kaida, nou pral kraze li e, bout pou bout, nou pral ranpòte laviktwa sou al-Kaida."

Prezidan an te sèvi ak yon yon bon pati nan diskou sa a pou l bay veteran yo asirans ak garanti administrasyon n nan pran angajman pou l ede yo resevwa swen medikal ak tout lòt asistans yo bezwen.

XS
SM
MD
LG