Accessibility links

Breaking News

Mesaj sou Eta Inyon an: Prezidan Donald Trump di "Lèzetazini nan yon Eta Solid"


Prezidan Trump ki t ap prezante "State of Union" ou Mesaj sou Eta Inyon an.
Prezidan Trump ki t ap prezante "State of Union" ou Mesaj sou Eta Inyon an.

Men kèk pati nan Mesaj sou Eta Inyon an, sètadi diskou Prezidan Donald Trump fè nan sware madi 5 fevriye 2019 la devan 2 chanm Kongrè a reyini sou eta jeneral sitiyasyon an Ozetazini ak vizyon administrasyon Trump a pou lemond.

KEK PATI AN MESAJ LA:

.... Nou kapab mete sekirite nan kominote nou yo, nou ka fè fanmi nou yo vin pi fò, fè kilti nou yo vin pi rich, fè lafwa nou vin pi pwofon epi fè klas mwayèn nou yo grandi avèk plis pwosperite ke jamè.

Men, pou sa fèt, nou dwe rejte politik revanj la, politik rezistans ak politik “w ap peye m sa” a pou nou anbrase kapasite san mezi ki genyen nan kowoperasyon, konpwomi ak bon sans.

Ansanm nou kapab elimine yon blokaj politik ki la depi plizyè dizèn dane. Nou ka mete inyon nan divizyon nou, geri blese nou yo, bati kowalisyon tou nèf, jwenn nouvo solisyon epi debloke pwomès ekstwòdinè ki genyen nan avni Lèzetazini an. Se nou ki pou pran desizyon an.

Nou genyen pou n chwazi ant grandè ak paralezi, rezilta ak rezistans, vizyon ak vanjans, pwogrè ekstwòdinè ak destriksyon ki pa gen sans.

Aswè a m ap mande nou pou n chwazi grandè.

Prezidan Donald Trump ki t ap pale devan 2 chanm Kongrè a reyini nan Washington, madi 5 fevriye 2019 la.
Prezidan Donald Trump ki t ap pale devan 2 chanm Kongrè a reyini nan Washington, madi 5 fevriye 2019 la.

Pandan 2 zan ki pase yo Administrasyon m nan te travay dijans e avèk yon rapidite istorik pou n rezoud pwoblèm ke lidè tou lè 2 pati yo te neglije pandan plizyè dizèn dane.

Pandan 2 zan sèlman depi eleksyon an, nou rive lanse yon pwogrè ekonomik ki san parèy nan istwa peyi a – yon gwo pwogrè moun pa t wè anvan. Nou rive kreye 5 milyon 300 mil nouvo job e, sa ki enpòtan anpil, nou ajoute 600 mil nouvo job nan domèn manifakti a –yon bagay ke preske tout moun te di se yon reyalizasyon enposib; men, verite a la e se tou senpleman yon kòmansman,

Salè anplwaye yo ap ogmante pi vit ke sa te fèt depi dè dizèn dane; e yo ogmante pou anplwaye ki pa p travay nan biwo yo (yon gwoup anplwaye m te pwomèt pou m batay pou yo) plis ke pou tout lòt moun. Peske 5 milyon Ameriken sispann al mande manje nan bank-manje kominotè. Ekonomi amerikèn nan ap grandi jounen jodi a preske 2 fwa pi rapidman pase lè n te monte sou pouvwa a e yo konsiidere nou kòm ekonimi k ap devlope pi vit lontan pase ekonomi tout lòt peyi nan lemond. To chomaj la bese rive nan pi ba nivo a nan 50 tan. To chomaj la pami sitwayen Nwa-Ameriken yo, Ispano-Ameriken yo, Azyatiko-Ameriken yo desann rive nan nivo ki pi ba a depi yo te kòmanse kenbe dosye sou domèn nan. E to chomaj la pami Ameriken ki andikape yo desann rive nan nivo ki pi ba ke jamè anvan sa. Gen plis moun k ap travay Ozetazini jounen jodi a ke jamè anvan nan tout istwa peyi a –swa 157 milyon moun.

Nou rive adopte yon gwo kokenn koupi taks pou fanmi k ap tavay yo e nou rive double rediksyon taks yo pou sitwayen ki gen pitit y ap leve. An pratik, nou rive elimine taks ki gen rapò ak ka lanmò, taks sou ti biznis yo, ranch yo ak abitasyon familyal yo (fèm yo).

Nou elimine amand moun te gen pou peye anba plan sante ki rele Obamacare la –yon amand ki pa t popilè menm; epi, pou nou bay moun ki malad grav yo opòtinite pou yo jwenn swen-sante ki ka sove lavi yo, nou fè adopte lwa ki rele “Dwa pou Eseye a”.

----- Aprè 24 mwa pwogrè rapid, ekonomi nou an pwovoke anvi tout peyi nan lemond, lame nou se lame ki pi puisan sou latè, e Lèzetazini ap kriye viktwa cha jou Bondye mete.

Prezidan Donald Trump, Vis Prezidan Mike Pence (agoch) ak Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi, nan Kapitòl la nan Washington, 5 fevriye 2019 la.
Prezidan Donald Trump, Vis Prezidan Mike Pence (agoch) ak Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi, nan Kapitòl la nan Washington, 5 fevriye 2019 la.

Mesye, Medam, Manm Kongrè a:

Eta Inyon Nou an Fò. Peyi nou an ap briye e ekonomi nou an ap fè pwogrè plis ke jamè oparavan.

Nan jounen vandredi pase a, yon anons te fèt pou di nou te ajoute yon lòt kantite 304 mil job sou mache travay la mwa pase a sèlman –se preske 2 fwa lavalè chif espesyalis yo te prevwa a. Se yon ekonomi–mirak k ap devlope la a Ozetazini e sèl grenn bagay ki kapab kanpe l nan wout, se lagè moun fou, politik moun fou, oubyen vye ankèt ridikil lidè yon pati politik fè mennen kont lidè yon lòt pati politik.

Si pou genyen lapè ak respè lalwa, pa kapab genyen lagè ak ankèt. Se pa konsa bagay yo fèt. Dwe genyen inyon antre nou lakay nou si nou vle ranpòte laviktwa sou lennmi aletranje.

Pou epòk kowoperasyon tou nèf sa a kòmanse, nou dwe konfime finalman plis pase 300 kandida nome ki ektrèmman kalifye e nominasyon yo rete bloke toujou nan Sena a –gen nan yo k ap tann depi dè-e-dè zane. Sena a pa rive vote sou nominasyon sa yo; se yon enjistis pou kandida yo, menm jan se yon enjistis pou nasyon an.

Jodi a se moman pou 2 pati yo mete ansanm pou yo pase alaksyon. Kwè m si n vle, nou deja pwouve ke se yon bagay ki posib.

Nan lejislati pase a, tou lè 2 pati yo te mete tèt yo ansanm pou yo fè pase lejislasyon Kongrè a pa t janm vote anvan pou n fè fas ak kriz dwòg la, yo adopte yon lwa ki pote refòm nan operasyon fèm nou yo, refòm istorik nan fason nou trete Veteran Lagè nou yo epi, apre 40 tan blokaj, nou vote Lwa sou Evalyasyon Responsablite nan Depatman Afè Veteran an dekwa pou n ka revoke sila yo k ap maltrete veteran nou yo ki tèlman admirab.

Palmantè fanm yo te leve bat bravo lè Prezidan Trump te salye yo e li te fè konpliman pou yo kòm pi gwo kantite fanm ki eli nan Kongrè a.
Palmantè fanm yo te leve bat bravo lè Prezidan Trump te salye yo e li te fè konpliman pou yo kòm pi gwo kantite fanm ki eli nan Kongrè a.

E, sa gen kèk semèn sèlman, 2 pati yo te antann yo pou yo fè refòm an pwofondè nan sistèm jistis kriminèl la. Ane pase a kèk zanmi te rakonte m istwa Alice Johnson. Sa te fè gwo enpresyon sou mwen. An 1997, yo te kondane Alice pou l pase rès vi l nan prizon aprè yo te jwenn li koupab pou akizasyon deske li te vyole lalwa akoz li te mele nan yon afè dwòg -sete premye vyolasyon li. Pandan 20 ane apre sa, manmzèl te tounen yon pastè-prizon kote li te ankouraje lòt moun pou yo chwazi yon pi bon chemen. Li ta pral kite yon mak pozitif sou popilasyon prizon an e enpak sa a ale pi lwen toujou.

Istwa Alice la atire atansyon sou paspouki ak enjistis ki kapab ekziste nan yon santans kriminèl, epi sa montre tou nesesite ki genyen pou n korije sa ki merite korije nan jistis la. Li fè preske 22 zan nan prizon e li te panse li ta pral pase tout rès vi l dèyè bawo.

Nan mwa jen pase a, mwen te ofri Alice padon ak gras prezidansyèl e aswè a li nan mitan nou isit la menm. Alice, mèsi deske ou fè n sonje nou toujou genyen pouvwa ki nesesè pou n trase pwòp destine nou.

Yon fanmi mayifik Alice genyen te prezan pou akeyi li nan pòt prizon an; yo t ap bo li, yo t ap anbrase li; yo t ap kriye e ri an menm tan. Lè m te wè sa, mwen te fin pa konprann aksyon m te poze a sete aksyon korèk la.

Gras ak enspirasyon Administrasyon m nan te jwenn nan istwa tankou pa Alice la, nou te travay etwatman avèk manm 2 pati yo pou n te fè yon lejislasyon ki rele “Pwojè-Lwa Premye Pa a” tounen yon lwa. Sa lejislasyon sa a fè, se pote refòm nan lwa ki enjisteman te fè kominote Nwa-Ameriken an mal anpil, akoz lwa sa yo se move lwa, oubyen yo te bay Nwa-Ameriken yo santans ki pa koresponn ak krim yo komèt, oubyen pèn ke otorite yo pa bay sitwayen lòt ras.

(Aswiv)...

XS
SM
MD
LG