Accessibility links

Breaking News

Etazini: Mesaj Sou Eta Inyon an, Ekonomi an Toujou Rete Priyorite Gouvènman Obama a


Prezidan Barack Obama nan Mesaj Sou Eta Inyon an devan 2 chanm Kongrè ameriken an reyini. 28 jan. 2014, nan Washington DC.
Prezidan Barack Obama nan Mesaj Sou Eta Inyon an devan 2 chanm Kongrè ameriken an reyini. 28 jan. 2014, nan Washington DC.
WASHINGTON, DC — Nan mesaj Prezidan Barack Obama prezante sou Eta Inyon an (swa sitiyasyon jeneral la Ozetazini) devan 2 chanm Kongrè a reyini nan sware madi 28 janvye 2014 la, li bay pèp ameriken an anpil kredi poutèt li fè sa k nesesè pou Lèzetazini kapab rete yon peyi ki fò.

Plas Etazini sou sèn mondyal la-Etazini yon Eta Fò.

Jan moun te ka espere sa a, misye Obama fikse atansyon li sou eta ekonomi amerikèn nan e li lanse apèl bay Kongrè a pou l mande pouvwa lejislatif la pote-kole avèk li pou ane 2014 la kapab “yon ane aksyon.”

Prezidan Obama te resevwa yon akèy plen chalè lè l te monte sou podyòm Kongrè a, malgre se yon lit politik byen sevè ki te domine relasyon ant La Mezonblanch ak Pouvwa Lejislatif la pandan mwa ki pase yo. Lidè ameriken an pat pedi twòp tan pou l di pèp la mèsi pou pasyans li depi nan kòmansman mesaj li a. Misye Obama deklare an lagan:

"Aswè a, Kongrè sa a ap sèvi ak yon sèl vwa pou l pale ak pèp nou reprezante a e pou l di: se nou-menm, sitwayen ameriken, ki fè peyi a twouve l nan yon eta ki fò. "

Ekonomi an toujou rete premye priyorite gouvènman an:


Misye Obama te sèvi ak pi fò mesaj la pou l santre atansyon n sou ekonmi amerikèn nan ak pwoblèm klas mwayèn nan ap konfwonte, pandan li bay elektè yo garanti sitiyasyon peyi a ap amelyore. Prezidan an di: “Pou la premyè fwa nan plis pase 10 zan, lidè sektè komès ak endistri a atravè lemond deklare Lachin pa reprezante ankò peyi nimewo 1 sou latè pou yo envesti lajan yo; peyi sa a se Lezetazini.”
Sepandan li ajoute amelyorasyon li swete a pap vini vit ase:
“Verite brital e klè a, sè ke menm nan mitan yon relans ekonomik, gen twòp sitwayen ameriken kap travay tou senpleman pou yo gen sa yo bezwen pou yo viv –alewè pou yo ta gen yon lavi miyò; tandiske genyen twòp ameriken toujou ki pap travay ditou.”

Kèk Pwopozisyon ak Defans Pwogram Swen Sante a


Yon pati nan solisyon prezidan an pwopoze yo, se ogmante salè minimum nan, laji kad opòtinite pou moun ale lekòl, epi “ranje sistèm imigrasyon nou an ki pap fonksyone byen”.

Prezidan an te montre anpil pasyon lè li tap defann lwa sou refòm nan sistèm swen sante a –ke zòt, k ap pase pwogram nan rizib--rele Obamacare; lidè ameriken an deklare "li dispoze travay ak Kongrè a tout kote sa posib, menm jan li pare pou l pase alaksyon poukont li si sa nesesè".

Reyaksyon ak Repons Opozisyon Repibliken an

Pèsonalite ki bay repons Pati Repibliken an, preske 10 minit apre Prezidan Obama te fin prezante mesaj li a, se Depite Cathy McMorris Rodgers, yon palmantè Eta Washington, ki fè konnen politik Prezidan Obama yo ap fè lavi moun vin pi difisil Ozetazini, e li te prese mete defi sa a devan Prezidan an:


“Nou espere prezidan an va pote-kole avèk nou nan yon ane kote nou va pase alaksyon reyèlmanvre; aksyon pou n bay sitwayen yo plis pouvwa e non pa aksyon pou n rann lavi yo pi difisil, avèk depans ki pat janm fèt anvan, taks ki ogmante, epi travay ki diminye.”

Pozisyon yo depaman toujou ant Prezidan Obama ak lidè repibliken nan Kongrè a sou kèk kesyon ki enpòtan anpil nan domèn relasyon entènasyonal la. Misye Obama pwomèt pou l kontinye kwense militan al-Qaida yo ak lòt teworis toupatou nan lemond; men li fè konnen Lèzetazini dwe adopte yon apwòch diferan vizavi kèk peyi, tankou Iran. Chanjman sa a parèt klè nan yon pati nan diskou sou Eta Inyon an kote li deklare:

“Pou byen sekirite nasyonal nou, nou dwe bay diplomasi yon chans pou l reyisi”, epi misye Obama pran angajman pou l poze veto l sou nenpòt ki pwopozisyon-lwa Kongrè a ta vote pou l adopte sanksyon ki ta kapab deraye negosyasyon kap fèt sou pwogram nikleyè Iran an.

Pèsonalite ak sitwayen Lamezonblanch envite vin asiste Mesaj sou Eta Inyon an:

Ane sa a ankò, Lamezonblanch respekte yon tradisyon ki la depi lontan deja. Li envite kèk pèsonalite espesyal al chita bò kote Premyè Dam amerikèn nan, Michelle Obama, pandan Prezidan an tap pwononse diskou sou Eta Inyon an.

Lis envite ane sa a te gen sou li 2 moun ki te sòti vivan nan eksplozyon bonm ki te fèt nan Maraton Boston an, kòmandan sèvis ponpye vil Moore ke yon vouvari van te devaste nan Eta Oklahoma, avèk jwe baskètbòl Jason Collins –premye atlèt omoseksyèl ki jwe yon spò enpòtan Ozetazini e ki pale piblikman sou oryantasyon seksyèl li.
Lis envite a te gen sou li tou yon manman 2 timoun ki nan chomaj, yon veteran lagè ki te blese nan Afganistan, epi yon jèn militan k ap defann plan refòm nan sistèm imigrasyon an e ki te vini ilegalman Ozetazini pandan li te tou piti.

Angwo, te genyen plis pase 20 envite bò kote Madam Michelle Obama nan plas ki te rezève pou envite donè yo nan Kongrè a. Se la tou nou te jwenn madanm Vis Prezidan Joe Biden –an palan de Madam Jill Biden-- epi Valerie Jarrett, youn nan prensipal konseye Prezidan Barack Obama.

Kongrè a te gen envite pa l tou; pami yo te gen manman ak sè Kenneth Bae, yon misyonè ameriken ki nan prison nan peyi Kore di Nò; avèk papa yon ajan espesyal lamarin de gè Lèzetazini, Ty Woods, ki te mouri nan atak teworis ki te fèt sou konsila ameriken nan vil Benghazi, nan Libi, nan dat 11 septanm 2011.

Analis politik, ekriven e pwofèse, Doktè Frantz Antoine Leconte panse se yon diskou jeneralis (yon ranmase ki touche tout pwen, tout aspè lavi politik e ekonomik la) men Prezidan Obama pale ak yon ton fèm e detèmine pou l reyalize objektif li yo. Se te yon prezidan optimis, dapre misye Leconte.

Koute sou ikon ki agoch atik la, anba Multimedia, pou reyaksyon doktè Leconte la.

Istorik ak envantè
Mesaj sou Eta Inyon an Prezidan Obama te Prezante Anvan:

2009: Teknikman se pat yon Mesaj sou Eta Inyon an. Misye Obama te di plizyè ane "irresponsablité plis mank prevwayans ak planifikasyon alontèm te debouche sou yon "jou revèy ak priz konsyans."

2010: Misye Obama te bay Ameriken yo konsèy pou yo travay ansanm pou yo rezoud pwoblèm economi an tap konfwonte epi li te pran angajman pou l wete twoup militè konba ameriken yo nan Irak.

2011: Misye Obama pwopoze yon blokaj pasyèl nan depans gouvènman an epi li te di Lèzetazini kanpe bò kote pèp peyi Tinizi a, kote mouvman pwotestasyon popilè te ranvèse gouvènman prezidan an plas la ki te kite peyi a nan kòmansman Prentan Arab la.

2012: Misye Obama te devlope yon nouvo plan ekonomik; se konsa tou li te fè limyè sou pwogrè ki te fèt nan peyi Afganistan ak sou lanmò Oussama bin-Laden.

2013: Misye Obama te bay detay sou rediksyon twoup militè ameriken nan Afganistan.
XS
SM
MD
LG