Accessibility links

Breaking News

Pa Arete Prezidanyèl, Sitwayen Enex Jean-Charles Se Nouvo Premye Minis Nome Peyi d Ayiti.


Daprè yon arete prezidansyèl ki sòti nan sware jounen madi 22 mas 2016 la, Prezidan Pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert nonmen Sitwayen Enex Jean-Charles kòm nouvo Premye Minis peyi a. Chwa sa a vini apre Chanm Depite a te rejte deklarasyon politik jeneral ekonomis Fritz Alphonse Jean dimanch 20 mas pase a. Depite A. Rodon Bien-Aimé (reprezantan PHTK e manm Blòk GPI - Gwoup Palmantè Endepandan- nan palman an, di chwa Misye Jean-Charles la se rezilta anpil kontak ki debouche sou yon antant elaji. Daplè li toujou, nouvo Premye Minis nome a se yon pèsonalite ki gen bon jan koneksyon nan tout sektè politik yo.

NOUVEL AYITI POU MEKREDI 23 MAS 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE ak L. DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:52 0:00

Yon lòt kote, jounalis Frantz Duval, redaktè-an-chèf jounal ayisyen Le Nouvelliste, bay Lavwadlamerik (Jean Jean-Baptiste) yon entèvyou kote li jete yon koutje sou pèsonalite ak karyè nouvo Premey Minis nome a, Enex Jean-Charles. Duval prezante pasaj Misye Jean-Charles kòm wo fonksyonè piblik nan divès gouvènman, depi sou prezidans René Preval la an pasan pa administrasyon Martelly a, pou rive nan gouvènman Privert la (li te sou lis manm kabinè ministeryèl ki ta pral monte sou pouvwa a si palman an te apwouve nominasyon Fritz Jean an). "Li se yon moun ki pa gen kont ak pèsonn," daprè Frantz Duval ki site yon gwoup depite ki deja fè konnen yo pral vote an favè nominasyon Enex Jean-Charles la.

Entèvyou Jounalis Frantz Duval ak Jacques Jean-Baptiste: Pwofil nouvo Premye Minis nome a, Enex Jean-Charles.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:18 0:00

=========================================

Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta a pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, ap Vizite Brezil.

Kowòdonatè espesyal Depatman Deta ameriken an pou Ayiti, anbasadè Kenneth Merten, ale nan peyi Brezil nan jounen madi 22 mas 2026 la e lap retounen mèkredi 23 mas la. Objektif deplasman sa a se evalye efò miltilateral kap fèt pou ranfòse enstitisyon demokratik yo an Ayiti epi eksplore lòt mwayen ki ka debouche sou aboutisman pwosesis elektoral la dekwa pou eleksyon dewoule nan dat 24 avril pwochen an pou pèmèt yon prezidan eli prete sèman nan dat 14 me 2016 la.

Kenneth Merten, kowòdonatè espesyal Depatman d Eta a pou Ayiti (Koutwazi Depatman d Eta a)
Kenneth Merten, kowòdonatè espesyal Depatman d Eta a pou Ayiti (Koutwazi Depatman d Eta a)

Vizit kowòdonatè Kenneth Merten o Brezil la atire atansyon sou enpòtans wòl gouvènman brezilyen an deja jwe e kontinye jwe an Ayiti. Nan kad wòl sa a gen gwo angajman peyi sid-ameriken an pran nan misyon mentyen lapè l’ONU an (MINUSTAH), nan demach pou bay enstitisyon yo plis jarèt nan peyi d Ayiti, mete sou apui gouvènman brezilyen an ap bay migran ayisyen kap viv nan Brezil yo.

Nan menm jounen madi a, Mesye Merten rankontre ak plizyè gwo responsab brezilyen ak lòt patnè entènasyonal kap travay ak Lèzetazini e gouvènman ak pèp ayisyen an sou yon seri priyorite komen. Kòm patnè nan avni devlopman an Ayiti, responsab Ajans Kowoperasyon Brezilyen an ak Pwogram Nasyon-Zini pou Devlopman an (PNUD) gen yon okazyon pou yo brase lide ak kowòdonatè espesyal Depatman Deta a pou Ayiti, Kenneth Merten, nan okazyon vizit sa a.

XS
SM
MD
LG