Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Etazini an ann Ayiti, Kenneth Merten, di Ayiti Dwe Mete ann Aplikasyon Rekòmandasyon OEA yo

Madi 1er fevriye 2011 la, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la resevwa vizit anbasadè Lèzetazini nan peyi Dayiti, Kenneth Merten. Nan okazyon an, diplomat la bay chèf Sèvis Kreyòl la, Ronald César, yon entèvyou kote li abòde divès dosye ki gen rapò ak aktyalite a nan peyi Dayiti, tankou:

-Vizit Sekretè Deta Hillary Clinton te fè nan wikenn nan nan Pòtoprens;

-Kriz elektoral la: tankou anons rezilta final yo ki fikse pou mèkredi 2 fevriye a, òganizasyon 2èm tou eleksyon yo, rapò misyon teknik l’OEA ki t al verifye rezilta eleksyon yo, elatriye.

-Asistans Lèzetazini pou Ayiti, sitou aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la ; evalyasyon pwosesis rekonstriskyon an ;

- Èd Lèzetazini nan lit kont epidemi kolera a;

- Epi yon posib retou ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide nan peyi Dayiti.

Nou envite oditè yo koute totalite entèvyou Ronald César fè ak anbasadè Kenneth Merten.

XS
SM
MD
LG