Accessibility links

Breaking News

Men Kèk Verite ou Dwe Konnen sou Kowonaviris ou Maladi COVID-19 la (Pati #1 ak #2)


sanitizer
sanitizer
Kowonaviris ou Maladi COVID 19
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:57 0:00

V-ONE: Marie-Luce, nouvèl yo, daprè jan spesyalis yo konprann jiskaprezan fason viris ki bay maladi COVID-19 la sikile, li varye selon sa yo konnen sou lòt tip de kowonaviris. Yo di COVID-19 se yon maladi tou nèf e gen anpil bagay pou moun aprann sou fason li gaye, gravite maladi li koze epi jiska ki degre li kapab pwopaje Ozetazini. Kisa ou ka di nou an plis sou fason maldai a pwopaje?

V-TWO: Espesyalis yo panse viris la pwopage an jeneral de moun an moun.

· Ant moun ki twouve yo an kontak sere-sere antre yo (sou yon distans 6 pye).

· Epi atravè goutlèt respiratwa: sa rive lè yon moun enfekte touse oubyen etènye.

Ti goutlèt sa yo kapab tonbe sou bouch oubyen sou nen moun ki tou prè malad la e se posib tou pou l antre nan poumon yo.

PWOPAGASYON GRAS AK KONTAK AVEK ON SIFAS OUBYEN YON OBJÈ ENFEKTE.

V-ONE: Espesyalis yo pale tou de pwopagasyon ki fèt gras ak kontak avèk yon sifas enfekte oubyen tout lot bagay enfekte. Ki limyè ou ka pote sou sa pou nou?

V-TWO: Se byen posib pou yon moun trape maladi COVID-19 la si l touche yon sifas oubyen yon bagay ki gen viris la sou li epi li touche pwòp bouch li, nen li ou petèt pwòp je li. Sepandan espesyalis yo pa

panse sa se prensipal mwayen viris la pwopaje.

V-ONE: ÈSKE YON MOUN KAPAB PWOPAJE VIRIS LA SAN LI PA MALAD?

V-TWO: 1.- Espesyalis yo panse plis yon moun malad se plis tou li kapab pase maladi a bay lòt moun.

2.- Gen pwopagasyon ki posib menm anvan yon moun montre sentòm malady a; gen nouvèl ki pale de posiblite sa a avèk nouvo tip kowonaviris la. Sepandan espesyalis yo pa panse sa se prensipal mwayen viris la pwopaje.

V-ONE: Avèk ki Fasilite Viris la Pwopaje?

V-TWO: Fasilite pou yon viris pwopaje sòt sou yon moun pou l ale sou yon lòt se yon bagay ki varye. Kèk viris kontajye anpil-anpil (sa vle di yo gaye fasilman, yo kapab pase de yon moun al sou yon lòt byen fasilman), tankou viris ki bay maladi lawoujòl; tandiske gen lòt viris ki pa pwopaje avèk menm fasilite sa a. Yon lòt faktè se kesyon pou konnen èske pwopagasyon an kontinye san rete, yon fason kontinyèl.

Yon lòt kote, viris ki bay maladi COVID-19 la sanble ap pwopaje fasilman e yon fason kontinyèl nan kominote yo nan kèk rejyon jewografik ki enfekte. “Pwopagasyon nan kominote” vle di viris la enfekte moun yo nan yon rejyon –pami yo gen moun ki pa byen konnen kijan oubyen ki kote yo te trape viris la.

V-ONE: Eske ou ka ban nou yon lis rejyon nan lemond kote maladi a ap gaye san rete, kote transmisyon an ap fèt yon fason kontinyèl?

V-TWO: Daprè dènye mizajou ki te fèt nan dat 28 fevriye 2020, men peyi kote maladi a ap gaye san rete, kote transmisyon an ap fèt yon fason kontinyèl. Se: Lachin, Iran, Itali, Japon avèk Kore di Sid. Responsab yo deja lanse yon avèstisman 3èm nivo kont danje ki menase sante yon moun ki vwayaje nan peyi sa yo.

V-ONE: Eske ou ka di nou 2 mo sou fason maladi COVID-19 la manifeste? Ki sentòm yon moun ki enfekte ak kowonaviris la prezante jeneralman?

V-TWO: Lis maladi yo rapòte kay moun ki trape viris la sòti nan sentòm lejè pou rive nan maladi grav ak lanmò pou divès ka maladi kowonaviris 2019 la (ou COVID-19). Sentòm yo kapab parèt 2 a 14 jou aprè yon moun te ekspoze anba viris la. Sentòm yo se:

· Lafyèv

· Tous

· Difikilte pou respire

Yon konsèy enpòtan: Rele yon pwofesyonèl lasante si ou devlope sentòm yo, oubyen ou te an kontak sere avèk yon moun ou konnen ki genyen maladi COVID-19 la, oubyen ankò si ou te fè yon vwayaj resan swa nan yon rejyon ki genyen yon gwo kantite moun avèk COVID-19 la, swa nan yon rejyon kote COVID-19 la pa sispann pwopaje.

V-ONE: Gen moun k ap poze kesyon pou yo mande si yon fanm ansent oubyen yon timoun pi ekspoze pase rès popilasyon an pou li trape maladi COVID-19 la. Kisa espesyalis yo di sou sa?

V-TWO: Pou le moman sant nouvèl syantifik yo poko pibliye enfòmasyon ki ta fè kwè yon fanm ansent predispoze pou l trape maladi COVID-19 la. Fanm ansent yo ap pase pa dè chanjman iminolojik e fizyolojik ki byen kapab fè yo pi dispoze pou yo trape enfeksyon respiratwa viral, pami yo genyen COVID-19.

Pati #2

Kèk Verite sou Pandemi Kowonaviris la:

----------------------------------------------------------------------------------

V-TWO (SWIT): Pou sa ki konsène ti moun, pa genyen prèv ki montre gwoup sa a nan popilasyon an pli dispose pase yon lòt pou l trape COVID-19 la. An reyalite, pi fò ka kowonaviris yo konfime nan Peyi Lchin se ka ki konsène granmoun. Sepandan yo rapòte enfeksyon lakay timoun tou –pami yo genyen timoun piti. Gen yon ankèt ki sou pye pou pèmèt espesyalis yo konnen plis bagay sou epidemi sa a. Se yon sitiyasyon k ap evolye rapidman e responsab yo ap mete enfòmasyon yo ajou ofi-e-a-mezi y ap disponib. Enfòmasyon sou rapò ant timoun e fanm ansent ak COVID-19 se enfòmasyon ki disponib sou paj sa a.

V-ONE: Kisa yon moun kapab fè pou l pwoteje tèt li kont maladi kowonaviris la bay (ou COVID-19)?

V-TWO: Jiskaprezan poko gen yon vaksen pou anpeche moun trape maladi ke kowonaviris la bay (an palan de COVID-19). Pi bon fason pou yon moun anpeche maladi a antre sou li, se pou li pa ekspoze tèt li anba viris la. Sepandan, kòm rapèl, n ap di CDC (Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a) toujou rekòmande kèk aksyon prevantif moun ka poze chak jou pou ede l anpeche pwopagasyon maladi respiratwa yo. Pami aksyon sa yo genyen:

· Evite kontak sere avèk moun ki deja malad.

· Pa touche zye ou, nen w, ak bouch ou.

· Rete lakay ou lè ou malad.

· Lè w ap touse oubyen etènye, kouvri figi w avèk yon klinèks, epi jete klinèks la nan poubèl.

· Netwaye e dezenfekte yon bagay oubyen yon sifas moun touche souvan; pou sa, itilize yon spray oubyen papye mouye espesyal ki sèvi regilyèman nan kay la.

· Suiv rekòmandasyon CDC sou fason yon moun ka itilize yon mask.

* CDC pa rekòmande pou yon moun ki pa malad pote mask nan figi l pou pwoteje tèt li kont maladi respiratwa –pami yo gen COVID-19);

* Se moun ki montre sentòm maladi COVID-19 la ki dwe mete mask pou ede yo anpeche lòt moun trape maladi a. Itilizasyon mask la trè, trè zenpòtan tou pou travayè kasante yo ak sila yo k ap pran swen yon moun kap viv nan yon espas fèmen (tankou nan yon kay oubyen yon enstalasyon medikal).

· Lave men w souvan avèk savon epi dlo pandan omwen 20 segond, espyalman apre ou sòti nan twalèt; epi, apre ou fin mouche nen w, ou fin touse, oubyen etènye;

· Si ou pa ta gen savon ak dlo bò kote w, itilize yon papye sanitè ki gen alkòl ladan l (omwen 60 pou san alkòl). Toujou lave men w avèk savon ak dlo si li klè ke men w yo vrèman sal.

V-ONE: Pou n fini èske, nan moman n ap pale la a, genyen yon trètman kont COVID-19 la, ou maladi kowonaviris la bay la?

V-TWO: Repons la jiskaprezan se: NON. Pa genyen okenn tretman anti-viral presi yo rekòmande kont COVID-19 la. Moun ki genyen maladi a ta dwe resevwa swen ki ba li sipò pou soulaje sentòm yo. Nan ka ki grav yo, tretman an ta dwe gen ladan l swen ki sipòte fonksyonnman ògàn vital yo. Tout moun ki panse li posib ke li te ekspoze anba maladi COVID-19 la fèt pou kontakte doktè yo imedyatman.

XS
SM
MD
LG