Accessibility links

Breaking News

Mekzik: 40 Moun Mouri nan yon Lese-Frape ki Dewoule Dimanch nan yon Prizon


Mekzik: 40 Moun Mouri nan yon Lese-Frape ki Dewoule Dimanch nan yon Prizon
Mekzik: 40 Moun Mouri nan yon Lese-Frape ki Dewoule Dimanch nan yon Prizon

O Meksik, otorite yo di omwen 40 moun mouri nan yon mouvman leve-kanpe ki pete nan yon prizon dimanch 19 fevriye a nan pati nò peyi a.

Daprè yon pòtpawòl gouvènman an, yon batay te pete byen bonè dimanch ant prizonye ak gad prizon nan penitansye Apodoca, ki tou prè vil Monterrey. Sa pat pran tan pou otorite yo repran kontwòl prizon an.

Mwa pase a, 31 prizonye te pèdi lavi yo nan yon dezòd ki te fèt nan yon lòt prizon, toujou nan pati nò peyi Meksik. Detanzantan batay ki lakoz moun pèdi lavi yo dewoule nan prizon meksiken yo; pafwa se rezilta konkirans k ap fèt ant katèl dwòg ki gen anpil pouvwa nan peyi a.

XS
SM
MD
LG