Accessibility links

Breaking News

Meksik: Revokasyon 3200 Polisye


O Meksik yo revoke 3200 polisye federal , preske 10% kò polis la , nan moman Prezidan Felipe Calderon ap chèche kontwole ak fòs gwo katèl dwòg yo e konbat koripsyon ki gaye nan mitan polis la.

Komisè Facundo Rosas deklare lendi 30 out 2010 la, ajan sa yo jwenn revokasyon paske yo pa reskpekte lwa ki etabli nan mitan polis federal lè yo t ap egzèse fonksyon yo. Ajan lòd ki revoke yo pa gen dwa al travay nan okenn lòt fòs sekirite meksikèn.

Yon lòt kote, responsab meksiken yo fè konnen yo mete men sou Edgar Valdez Villareal alyas “ Barbie” , yo gwo bawon dwòg lapolis gen lontan l ap chèche.

Medya nan peyi a rapòte lendi 30 out la yo arète nan aswè Valdez, moun Tegzas, nan sant peyi a.

Arestasyon sa a vini plis pase 2 mwa apre yon Gran jiri nan Atlanta (Eta Georgia) isit Ozetazini te pwononse yon kondanasyon dilè dwòg la .

Valdez kondane poutèt li fè antre nan peyi soti Meksik plizyè milye tòn kokayinn ke l vann ant 2004 e 2006.

Depatman Deta Ameriken te ofri yon rekonpans 2 milyon dola pou nenpòt moun ki te bay enfòmasyon ki te ka pèmèt yo mete men sou li.

XS
SM
MD
LG