Accessibility links

Breaking News

Arestasyon yon Gwo Katèl Dwòg o Meksik


Arestasyon yon Gwo Katèl Dwòg o Meksik
Arestasyon yon Gwo Katèl Dwòg o Meksik

Otorite yo nan peyi Meksik arète yon nèg yo sispèk kòm yon manb katèl dwòg Zeyas.

Responsab yo presize lapolis arete Alfredo Aleman Narvaez ki gen ti non gate “Kòmandan Alman” pandan yon kous cheval li te òganize eta Zacatecas ki nan pati nò peyi a.

Anons la fèt yon jou apre responsab ameriken yo dekouvri yon gwo tinèl ki sèvi pou kontrebann sou fwontyè amerikano-meksiken an kote yo sezi 14 tòn mariwana.

Responsab yo di tinèl la mezire 400 mèt longè e li konekte yon depo nan Tijuanan O Meksik ak yon pak endistriyèl nan San Diego nan zòn Kalifòni.

XS
SM
MD
LG