Accessibility links

Breaking News

Meksik: Arestasyon 5 Moun Nan Atak sou Kazino Royal la


Otorite yo arete 5 moun yo sispèk kòm manm gwoup Zetas an koneksyon avek dife Kazino a
Otorite yo arete 5 moun yo sispèk kòm manm gwoup Zetas an koneksyon avek dife Kazino a

Plizyè santèn sòlda meksiken reyini nan yon vil ki nan nò peyi a kote yon dife ki te pete nan yon kazino touye 52 moun . Ajans nouvél Associated Press rapòte fòs sekirite yo lanse yon operasyon sou apeprè yon douzèn kazino nan Monterrey.

Jedi ki sot pase a kèk sispèk ki te gen zam nan men yo te pote yon likid flamab ki pran dife nan kasino royal la, e yon ti tan aprè, bilding –nan te pran dife. Otorite yo toujou ap eseye idantifye kèk pami 52 viktim yo.

Otorite yo arete 5 moun yo sispèk kòm manm gwoup Zetas an koneksyon avek dife Kazino a. Gouvènè eta a Rodrigo Medina di sispèk yo avwa yo te patisipe nan atak sou Kazino Royal la nan kapital la , Monterrey.

Otorite yo ap men-nen ankèt pou konnen si wi ou non atak sa a se ta yon zak revanj akoz mèt kazino a ta derefize peye lajan nan move kondisyon . Otorite yo ofri yon rekonpans 4 milyon 400 mil dola pou enfòmasyon ki ta debouche sou arestasyon koupab yo.

XS
SM
MD
LG