O Meksik, otorite yo fè konnen 7 moun yo sispèk kòm trafikan dwòg mouri nan yon afwontman kote yo te marye kout-zam ak manm lame a nan Eta Michoacán nan pati Lwès peyi a.
Daprè dènye nouvèl yo, batay la eklate madi 16 out la nan rejyon Tacambaro nan moman kèk sòlda t ap fè patwouy nan zòn nan, e se konsa yo te tonbe sou swadizan trafikan yo. T
acambaro twouve l nan pati sid Meksik. Eta Michoacán se baz yon katèl dwòg popilè yo rele La Familia.