Isit Ozetazini, Prezidan Barack Obama te rasanble jedi 14 avril 2011 la fanatik li yo nan Chicago nan premye parèt li an piblik li fè nan kanpay l ap mennen pou ranmase lajan pou yon re-eleksyon an 2012 .
Mesye Obama te patisipe nan 3 aktivite ki ta sipoze rapòte pou kanpay li 2 milyon dola --yon pati nan yon milya dola obsèvatè yo prevwa Prezidan Obama pral ranmanse anvan eleksyon an ki fikse pou novanm 2011.
Kanpay mesye Obama a te ranmase 750 milyon dola pou eleksyon 2008 la.