Lidè Alyans Kretyen e sitwayen pou Rekonstriksyon Ayiti, Pastè Chavannes Jeune, di li toujou fè pati gwoup 12 kandida k ap reklame anilasyon eleksyon.
Nan yon entèviou li bay sou apui yon gwoup pwotestan nan Dyaspora a Nan Eta Florid anfavè kandida repons peyizan an, Michel Martelly, Misye Jeune di li pa kwè pwochen prezidan k ap sòti nan eleksyon dimanch 20 mas la ap genyen latitid pou l pwopoze chanjman powofon pou rezoud pwoblèm peyi a.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande Jean-Pierre Leoroy ak Pastè Chavannes Jeune.