Nan Nigeria, plizyè dizèn milye sitwayen nigeryen ap fè manifestasyon pou pwoteste kont pri petwòl k ap ogmante, sa ki pwovoke lese-frape avèk lapolis ki touye omwen 3 moun .
Temwen ki te sou plas fè konnen yon polisye tire e touye yon manifestan nan vil komèsyal prensipal la, Lagos.
Yon lòt kote nan vil la, polis "anti-emeut" te kanpe ap gade tandiske manifestan yo t ap bloke lari, yo t ap boule kawoutchou e yo t ap chante slogan kont politik Prezidan Goodluck Jonathan-yo.