Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon ann Ejipt Fè Plizyè Viktim


Manifestasyon ann Ejipt Fè Plizyè Viktim
Manifestasyon ann Ejipt Fè Plizyè Viktim

Nan peyi Lejipt, plizyè milye manifestan rasanble nan kapital la, Lekèr, kote y ap enstale barikad alantou yon plas piblik ki nan mitan vil la (an palan de Plas Liberasyon an) apre lame te ouvè kout-zam nan zòn -nan byen bonè jedi 3 fevriye 2011 la.

Plizyè gwo machin blende ak tank militè pran pozisyon sou plas la, kote manifestan anti-gouvènmantal yo toujou prezan, apre yo te tonbe nan lese-frape ak patizan Prezidan Hosni Moubarak yo. Sòlda te prese al pran pozisyon nan zòn nan pou yo separe 2 kan yo.

Pami machin militè yo, moun kapab wè yon tank ki kanpe sou yon pon kote patizan Prezidan Mubarack yo te rete pou yo voye wòch sou manifestan anti-gouvènmantal yo ki te anba.

Nouvél yo site temwen ki ta fè konnen 4 moun pou pi piti mouri nan zak vyolans ki dewoule douvanjou a la a. Lame poze arestasyon anpil moun nan zòn Plas Liberasyon an, men pa gen presizasyon sou kilès prevni sa yo ye egzateman. Mèkredi 2 fevriye 2011 la, zak-vyolans te pete lè patizan Prezidan Mubarack te anvayi plas la epi yo te tonbe nan goumen avèk manifestan ki t ap mande yon fen nan rejim Mubarack la ki sou pouvwa a depi 30 tan.

Doktè te prese enstale yon klinik enprovize nan yon moské ki tou prè plas la, pou yo te kapab swaye plis pase 640 moun ki te blese. Ministè sante publik ejipsyen an fè konnen kantite moun ki pèdu lavi yo nan 24 trè ki pase yo, monte rive 5.

XS
SM
MD
LG