Manifestasyon sa a te nan kad mekontantman okazyon 37èm anivèsè kou deta militè 1973 la ki te mete Jeneral Augusto Pinochet sou pouvwa a. Se te yon mach nan memwa viktim kou deta a .
Kote sa te pi vyolan an se nan maten dimanch 12 septanm 2010 la lè manifestan te antre nan lese-frape ak lapolis , mete barikad e boule kawotchou nan plizyè pwen nan kapital la , Santiago.
Manifestan yo te voye tou chèn sou liy elektrik yo ---sa ki lakoz blaka-wout kay plizyè miliye sitwayen . Responsab sekirite yo di , mach la t ap dewoule nan lapè jislè nan dènye moman kote yon gwoup nèg maske te atake jounalis ki t ap kouvri evenman nan .