Accessibility links

Breaking News

Ansyen Direktè Kanpay Trump la, Paul Manafort, Konparèt devan Lajistis

Paul Manafort, ansyen chèf kanpay elektoral Donald Trump, konparèt nan tribinal madi 31 jiyè 2018 la pou l reponn akizasyon dèske li te komèt evazyon taks ak fwod bankè. (Foto: REUTERS/Yuri Gripas- Achiv).

Ozetazini, otorite lajistis yo fè konnen ansyen direktè kanpay elektoral Trump la, Paul Manafort, te panse li te sou tèt lalwa sou taks ak bank yo lè li t ap itilize kont-an-bank andeyò peyi a pou l te depoze plizyè milyon dola li te fè gras ak travay li te reyalize nan Ikrèn. Sepandan avoka k ap defann Manafort yo di se asosye misye ki responsab.

Mèt Thomas Zehnle, youn nan avoka Manafort yo, deklare: "Rezon prensipal ki fè nou isit la devan lajistis, se yon sèl nèg: Rick Gates." Misye Zehnle pale konsa nan deklarasyon preliminè li fè nan jounen madi 31 jiyè 2018 la, jou kote otorite yo te kòmanse yon pwosè kont Manafort nan yon tribinal nan vil Alexandria, nan pati nò Eta Vijiji. Akize a genyen pou l reponn repwòch deske li ta mele nan evazyon taks ak fot bankè.

Avoka Thomas Zehnle ( nan mitan). Laprès te antoure li pandan li t ap rive nan tribinal la nan vil Alexandria, nan Eta Vijini, madi 31 jiyè 2018 la.
Avoka Thomas Zehnle ( nan mitan). Laprès te antoure li pandan li t ap rive nan tribinal la nan vil Alexandria, nan Eta Vijini, madi 31 jiyè 2018 la.

Avoka Zehnle lonje dwèt sou Gates ak otorite wo-plase nan peyi Ikrèn ki te peye pi fò lajan Paul Manafort te resevwa pou konsiltasyon politik li te bay ansyen Prezidan Viktor Yanukovych ak pati poltik li a, Pati Rejyon an, ki gen apui Larisi.

XS
SM
MD
LG