Otorite lasante nan Cacaras di kantite ka kolera deklare nan peyi a monte rive 135--- tout gen rapò ak fèt familyal ki te dewoule sa pa gen lontan la a nan Repiblik Dominikèn.
Plis pase 450 moun ---pi fò ladan yo se venezuelyen--- ki te patisipe nan yon maryaj nan Repiblik Dominikèn , kote plizyè ladan yo sanble te kontamine ak yon manje.
Minis Lasante a Eugenia Sader di Venezuela pa gen okenn ka kolera depi yon dizèn lane e li kwè se nan yon lòt peyi maladi a soti.