Accessibility links

Breaking News

Direktè Ajans Ransèyman Sekrè Etazini an Ap Fè Depozisyon Li nan Kongrè a


Direktè pwovizwa Ajans Nasyonal Enfòmasyon Sekrè Lèzetazini an, Joseph Maguire, ki ap fè depozisyon li devan Komisyon Sèvis Sekrè Chanm Depite a. (Washington, D.C., 26 septanm 2019).
Direktè pwovizwa Ajans Nasyonal Enfòmasyon Sekrè Lèzetazini an, Joseph Maguire, ki ap fè depozisyon li devan Komisyon Sèvis Sekrè Chanm Depite a. (Washington, D.C., 26 septanm 2019).

Ozetazini, direktè jeneral pwovizwa Ajans Federal Ransèyman an, Joseph Maguire, konparèt byen bonè jedi 26 septanm 2019 la devan komisyon sèvis sekrè Chanm Depite a pou l fè depozisyon li sou plent yon fonksyonè te pote pou l denonse yon aksyon ilegal ki te fèt nan gouvènman an. Se konsa tou Misye Maguire gen pou l fè depozisyon l tou devan komisyon sèvis sekrè Sena a avèk tout pòt fèmen.

Nouvèl yo fè konnen direktè jeneral pwovizwa Ajans Federal Ransèyman an te bloke piblikasyon plent la, yon aksyon ki kapab debouche sou yon jijman politik kont Prezidan Trump ak posiblite pou Kongrè a wete l sou pouvwa a, puiske sanble lidè ameriken an ta gen yon responsablite dirèk nan desizyon Misye Maguire a. Plent la twouve l kounyela a nan mitan yon ankèt sou kesyon an ki vize Prezidan Trump dirèkteman.

Prezidan Komisyon Sèvis Sekrè Chanm Depite ameriken an, Adam Schiff (D-KALIFONI).
Prezidan Komisyon Sèvis Sekrè Chanm Depite ameriken an, Adam Schiff (D-KALIFONI).

Nan sware mèkredi 25 septanm nan, kèk palmantè ameriken, manm tou lè 2 komisyon yo, te gen okazyon jete yon koutje sou sa ki nan plent la. Men, chak depite e chak senatè pran pozisyon daprè ideyoloji pati yo, sètadi tout palmantè repibliken yo pran yon pozisyon epi tout palmantè demokrat yo pran yon pozisyon diferan.

Anvan lontan Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la pral vini avèk yon seri kote kote nou va eksplike sa yo rele Ozetazini, "impeachment", sa vle di yon jijman kont prezidan ameriken an ki dewoule nan Sena a aprè yon vòt nan Chanm Depite a ki rekòmande jijman sa a. Gran Kò a ka jwenn prezidan an pa koupab epi li kontinye dirije peyi a. Men si Sena a jwenn li koupab, senatè yo vote pou wete li sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG