Accessibility links

Breaking News

Mached Labous la Desann pou Yon Lòt Jounen


Mached Labous la Desann pou Yon Lòt Jounen
Mached Labous la Desann pou Yon Lòt Jounen

Aksyon sou mache bousye yo plonje desann kòm reyaksyon apre bank santral Etazini an fin moutre ke lavni pa sanble bèl pou pi gwo ekonomi nan lemond la. Yon lòt kote, envestisè yo sispèk dènye aksyon pou akselere ekonomi an ka pa bay bon rezilta.

Mache yo ann Azi desann byen ba, epi gran mache yo ann Ewòp te pèdi plis pase 4% nan tranzaksyon ki fèt nan mitan jounen an. Menm pri lò a, ki te yon refij san danje pou envestisè yo, desann byen vit, men bon trezò ameriken yo toujou parèt kòm yon bon mwayen pou envestisman.

Pri aksyon yo bese apre bank santral la, an palan de Rezèv Federal la, fin fè konnen li wè anpil danje pou ekonomi Etazini an ta pèdi fòs plis toujou.

XS
SM
MD
LG