Mache Savann Pistach, nan Kafou Fèy, yon katye nan Pòtoprens, pote anpil espwa pou moun k ap viv nan zòn sa a kote bandi te konn itilize depi lontan pou yo kache.
Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, ak anbasadè ameriken an, Kenneth Merten, fèk inogire mache sa a ki te jwenn finansman USAID (Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal), Sogebank ak Fanmi Vorbes.
Korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Clarens Renois, ap fè nou vizite mache sa a.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Clarens Renois.