Accessibility links

Breaking News

Plizyè Milye Moun Patisipe nan Mach Medam yo Ki Dewoule Atravè Lemond


Medam yo ki rasanble devan Freedom Plaza nan Washington DC, samdi 19 janvye 2019 la.
Medam yo ki rasanble devan Freedom Plaza nan Washington DC, samdi 19 janvye 2019 la.
Plizyè milye fanm patisipe nan gwo rasanbleman ki dewoule isit Ozetazini ak lòt kote nan mond la, samdi 19 janvye 2019 la, nan okazyon 3èm mach anyèl medam yo kap reklame egalite ant fanm ak gason e pou sansibilize lemond sou pwoblèm anviwonman, dwa imigran e latriye.

Premye mach medam yo te dewoule an janvye 2017, nan landemen apre prestasyon sèman Prezidan Donald Trump la kòm nouvo chèf deta ameriken. Plizyè milye moun te patisipe nan mach sa a nan Washington DC.

Vrèman vre, premye jou Prezidan Donald Trump nan Mezon Blanch la, plizyè 100 tèn milye fanm te pran lari espesyalman nan Washington DC pou denonse ideoloji politik nouvèl administrasyon an. Mach sa a te dewoule nan anviwon 600 lòt vil Ozetazini ak lòt kote nan mond la an solidarite ak rasanbleman medam yo nan Washington DC.

An janvye 2018, òganizatè yo te mete anpil aksan sou politik ak sansibilize fanm yo pou al vote nan pwochèn eleksyon yo kote eslogan an se te "Pouvwa nan Biwo Vòt yo."

Mach medam yo Washington DC
Mach medam yo Washington DC
An 2019, medam yo mache nan Washington ak espwa kote yo wè efektivman ki kote rezilta mobilzasyon nan eleksyon kapab mennen yo, patikilyèman apre gwo rekò yo bat nan eleksyon novanm 2018 yo avèk anviwon 102 fanm ki eli nan chanm depite a.

Sepandan, nan mach samdi 19 janvye a, moun pat remake prezan yo seri gwo tèt fanm dwa sivil pakapala akoz yon mezantant kap donnen kèk jou ant medam dwa sivil sa yo ak kèk òganizatè mach medam yo, yo di ki fè deklarasyon rasis ak anti-semitik, yon akizasyon òganizatè yo voye jete konplètman e kareman.
XS
SM
MD
LG