Accessibility links

Breaking News

L’OTAN Rekonèt Avyon Militè li Ta Touye kèk Sivil nan Libi


(AP Photo/Hassan Ammar)
(AP Photo/Hassan Ammar)

Fòs militè l’OTAN fè konnen yon atak sòlda l yo lanse nan Libi pa aksidan byen kapab koze lanmò kèk sivil nan kapital la, Tripoli.

Daprè yon deklarasyon alyans atlantik la fè parèt dimanch 19 jen 2011 la, fòs li yo te lanse atak ayeryen an sou yon enstalasyon militè kote otorite libyen yo mete misil ; men youn nan yo pa tonbe sou objektif yo te vize a akoz yon fayit ki te genyen nan sistèm zam nan.

L’OTAN ajoute li regrèt le fèt ke sivil inosan pèdi lavi yo akoz aksidan sa a. Otorite libyen yo, bò kote pa yo, pale pou yo di avyon l’OTAN yo lanse atak la sou yon katye rezidansyèl kote yo touye 9 moun –pami yo genyen 2 timoun.

XS
SM
MD
LG