Accessibility links

Breaking News

Lopital Bernard Mevs Sispann Resevwa Pasyan Akoz Mank Gaz Nan Pòtoprens


berna mevs
berna mevs

Mank gaz nan nan kapital la fòse lopital Bernard Mevs la sispann resevwa pasyan.

Rate gaz nan peyi a ki gen rapò ak pwoblèm distribisyon pwodui petwolye yo, fòse Lopital Bernard Mevs pran desizyon poul pa resevwa pasyan paske jeneratè yo nan lopital la pa gen ase gaz pou fonksyone .

29 oktòb 2021 premye minis Ariel Henry te di l'eta ap fè tout sa li kapab pou popilasyon an ka gen aksè ak gaz li bezwen.

"Mwen vle tout moun konnen peyi a pa manke gaz. Gouvènman an fè anpil efò pou tout rezèvwa yo gen ase gaz e kòm nou konnen demand lan pral ogmante, lè livrezon yo rekòmanse, plizyè lòt kòmand gentan pase e gen bato ki deja la k ap tann pou dechaje," premye minis la te fè konnen.

Jiskaprezan gaz la pa ka rive nan ponp yo, epi ensekirite a ap ogmante nan peyi a pi plis chak jou. Distribisyon pwodui petwolye yo pa ka fèt akoz aktivite gang yo, lide Gang G9 la ki kontwole zòn ki gen pwodui petwolye yo mande demisyon Premye Minis Ariel Henry. Jimmy Cherizier di laprès se yon iltimatòm pou bagay yo retounen nan eta nòmal yo.

XS
SM
MD
LG