Accessibility links

Breaking News

Yon Ofisyèl l ONU di “Bezwen Ayiti pou Èd Imanitè Rete nan yon Nivo Ki Bay Kèsote”


Biwo Nasyon Ziini pou Afè Imanitè, -abreje anglè OCHA.
Biwo Nasyon Ziini pou Afè Imanitè, -abreje anglè OCHA.

Bezwen Ayiti genyen pou asistans imanite “rete nan yon nivo ki bay gwo kèsote”. Se deklarasyon yon ofisyèl Òganizasyon Nasyon Zini.

WASHINGTON - Bezwen Ayiti genyen pou asistans imanite “rete nan yon nivo ki bay gwo kèsote”. Se deklarasyon yon ofisyèl Òganizasyon Nasyon Zini ki fè konnen prèske mwatye nan popilasyon peyi a bezwen asistans.

Bruno Lemarquis se reprezantan espesyal adjwen Biwo Entegre l’ONU ann Ayiti, oubyen BINUH. Li se an menm tan kowòdonatè rezidan òganizasyon mondyal la pou kesyon imanitè. Nan jounen mèkredi 10 mas la, li te pran lapawòl nan yon pwendprès biwo afè imanitè l’ONU an, ou OCHA, te bay. Se yon rankont ki te dewoule yon fason vityèl akoz pandemi kowonaviris la, ak patisipasyon anpil ajans ak reprezantan l ONU, san bliye divès lòt pati enterese.

Misye Lemarquis deklare yon moun kapab konpare sitiyasyon imanitè aktyèl la an Ayiti avèk sitiyasyon an nan Soudan Sid ak Repiblik Sant Afrikèn, kote moun yo gen plizyè lane depi yo nan mizè. Li fè konnen:

“Men, an Ayiti pa gen lagè. Se nan mitan Karayib la nou ye.”

Li lanse apèl pou l mande yon apwòch entegre pou ede peyi a pi byen kanpe sou 2 pye li e pou kominote entènesyonal la ogmante fon lajan li mete a dispozisyon Ayiti. Daprè li toujou, se sèlman yon tyè nan lajan kominote entènasyonal la deziye pou Ayiti ki rive antre nan pwogram ki la pou peyi a.

Cherlande Dolciné, ki gen 20 an, ak pititfi li Dainaika Jean ki gen 2 an. Li kanpe devan kay li nan moman yon evalyasyon te montre l ap soufri ak yon malnitrisyon grav nan Pòdepè, Ayiti, nan dat 30 janvye 2020.
Cherlande Dolciné, ki gen 20 an, ak pititfi li Dainaika Jean ki gen 2 an. Li kanpe devan kay li nan moman yon evalyasyon te montre l ap soufri ak yon malnitrisyon grav nan Pòdepè, Ayiti, nan dat 30 janvye 2020.

OCHA di 40% popilasyon aysiyèn nan –swa anviwon 4 milyon 400 mil moun- twouve yo nan nesesite pou asistans imanitè. Nan Plan Repons Imanitè OCHA prepare pou ane fiskal 2021-2022 a, li solisite yon fon 235 milyon 600 mil dola pou l reyalize yon plan an 4 pwen pou l atenn obektif estratejik li yo.

Pami objektif sa yo genyen: Nexus –20% rediksyon nan kantite moun ki bezwen asistans; Bezwen de Baz: satisfè bezwen 60% popilasyon an; Pwoteksyon ak Responsabilizasyon: pwoteje gwoup ki plis vilnerab yo; Prepare pou Aji: prepare pou satisfè rapidman bezwen pèp la aprè yon dezas natirèl oubyen yon lòt “sitiyasyon malouk”, ki ta vin deranje lavi moun yo. Plan an ofri tou sa ki nesesè pou fè fas ak yon ensekirite alimantè grav, pou sanitasyon, ijyèn, sèvis sante dijans avèk edikasyon.

XS
SM
MD
LG