Accessibility links

Breaking News

L’OEA Ap Ede KEP a Ak Distribisyon Kat Elektoral yo


Reprezantan l’OEA a nan Pòtoprens, Anbasadè Ricardo Sustenfus, fè konnen òganizasyon rejyonal la ap bay Ayiti yon asistans aktif pou l distribye kat idantite nasyonal yo, nan moman pwosesis elektoral la ap avanse.

Sa fè pati efò l’OEA ap deplwaye pou l pote konkou l nan travay ki dwe fèt pou pèmèt Ayiti ale pi devan ak eksperyans demokratik li a. Misye Sustenfus di :

«Gen 150 mil kat ki enprime Ozetazini e ki antre ann Ayiti. Yo rive a tan pou elektè potansyèl yo al wete yo nan biwo Ofis Nasyonal Idantifikasyon an (ONI) pou yo ka patisipe nan eleksyon 28 novanm 2010 la.»

Anbasadè Sustenfus fini pa raple ke l’OEA ak CARICOM deja mete an plas yon misyon ki pral sipèvize elekyon yo; nan tèt misyon sa a genyen Anbasadè Colin Granderson ki deja twouve l nan peyi Dayiti.

Korespondan nou Rotchild François Jr. ap di nou plis.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Rotchild Francois Junior ak Anbasadè Sustenfus.

XS
SM
MD
LG